Aller au contenu

Wangui wa Goro

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Wangui wa Goro
yon ilistrasyon sou lisans lib t ap itil
Biyografi
Nesans
Nasyonalite
Fòmasyon
Université de Londres (en)
Université de Leicester (en)
Université du Middlesex (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Traducteur ou traductrice, ekriven, universitaire, militant ou militanteGade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Wangui wa Goro (fèt an 1961) se yon akademisyen Kenyan, aktivis e kritik sosyal, tradiktè e ekriven ki baze nan Wayòm Ini. Kòm yon entelektyèl ki rekonèt, li enterese nan devlopman lang ak literati Afriken epi li patisipe regilyèman nan pwomosyon tradiksyon literè sou yon echèl entènasyonal nan pwan pozisyon piblik ekri ak oral sou sijè a .

Jènès ak etid

[modifye | modifye kòd]

Wangui wa Goro te fèt nan Kenya. Li te ale etidye an Ewòp nan kad etid bakaloreya li nan lang modèn ak ekonomi nan University of Leicester . Li te kontinye etid li nan edikasyon nan ansyen Inivèsite Lond (ki kounye a fè pati University College London ), answit li te kontinye etid doktora li nan tradiksyon nan Inivèsite Middlesex .

Wangui wa Goro se yon ekriven, tradiktè, chèchè nan zafè tradiksyon e pyonyè nan moun ki te viv ak anseye nan diferan pati nan mond lan, tankou Wayòm Ini, Etazini, Almay ak Lafrik di sid .

Li te travay nan gouvènman lokal, epi nan mond Syans imanitè nan Wayom-Ini sitou nan kontèks devlopman entènasyonal yo.

Akòz aktivis li ak patisipasyon li nan defans dwa moun ann Afrik ak Ewòp nan sèvis demokrasi nan Kenya, Wangui wa Goro te pase anpil ane nan ekzil an Angletè . Li te sipòte anpil mouvman pou jistis ak libète, tankou mouvman anti-apartheid la, epi li te patisipe tou nan mouvman feminis la. Li rekoni kòm pyonye pou travay li sou feminis nwa ak Afriken nan UK a ak Ewòp.

Piblikasyon

[modifye | modifye kòd]

Wangui wa Goro genyen nan ekri li yo pwezi, redaksyon, istwa kout . Istwa kout li " Heaven and Earth " (Macmillan) etidye nan pwogram edikasyon piblik nan Kenya . Li te edite ansanm ak Kelly Coate ak Suki Ali liv "Global Feminist Politics: Identities in a Changing World" ( Routledge, 2001). Li kontribye tou nan piblikasyon Under the Tree of Talking : Leadership for Change in Africa (anba pye bwa la pawòl la : leadership pou chanjeman an Afrik) pa Onyekachi Wambu an 2007 ak antoloji 2006 African Love Stories pa Ama Ata Aidoo .

Li patisipe regilyèman nan fwa literati ak liv anyèl ki te òganize pa Royal African Society, Africa Ecrit, li òganize tou Africa in Translation symposium, ki gen ladann ekriven, atis, editè, tradiktè, lektè ak inivèsitè , , , , Sou direksyon SIDENSi yon òganizasyon entènasyonal ki te kreye pou fè pwomosyon gesyon tout konesans nan zafè traduction ak enfòmasyon atravè disiplin" . Li se manm fondatè TRACALA, yon asosyasyon tradiksyon ak literati Afriken.

Tradiksyon

[modifye | modifye kòd]

Li te tradwi zèv otè ki genyen prim yo, ki gen ladan Ngugi wa Thiong'o, Matigari, Njamba Nene and the Flying Bus (1986) ak Njamba Nene's Gun (1990), soti nan lang Gikuyu nan lang angle, epi koleksyon pwezi Véronique Tadjo a ki soti nan seri a Vol d'oiseau ( As the Crow Flies, À vol d'oiseau, Heinemann African Writers Series, 2001) Fransè tradwi an Anglè

Rekonesans

[modifye | modifye kòd]

Ane ap pase, li te sèvi nan kèk komite konsiltatif oswa nan kèk konsèy nan plizyè òganizasyon, tankou Women's Studies Network UK, British Center for Literary Translation, Arts Council England, PEN International ak African Literature Association . Li te manm konsèy <i>Caine Prize</i> pou ekriven Afriken, kote li te sèvi kòm jij an 2007.

Referans

[modifye | modifye kòd]

Bibliyografi

[modifye | modifye kòd]