VIH ak SIDA an Ayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

VIH ak SIDA an Ayiti

Riban wouj sa se senbòl la pou batay la kont VIH ak SIDA

Viris iminodefisyan imèn (VIH), se ajan patojèn ki lakòz sendwom iminodefisyan aki a (SIDA). Enfeksyon sa a lakòz kò moun la paka goumen ak lòt enfeksyon yo. Nan tout zòn oksidantal la, se nan peyi Dayiti ou jwenn plis moun ki enfekte ak viris sa a, kidonk se youn nan pi gwo epidemi nan peyi a. Nan karayib la, peyi Dayiti reprezante 48% moun enfekte ak VIH, ki se 2 fwa plis nan peyi Sendomeng e 4 fwa plis nan peyi Jamayik.[1]

Fanm kou gason ka gen VIH, men nan peyi Dayiti, se jèn ak fanm yo ki pi enfekte, se yo tou ki atrape viris la pi fasil. Enfeksyon sa kapab lakòz gwo dega sou sante moun la, maladi SIDA a kapab grav anpil pou moun lan. Viris ki bay VIH la se yon retwoviris ki atake defans kò a. Gen prekosyon ou ka pran, pou pa atrape viris la. Moun ki enfekte yo, ka viv lontan e byen ak tout viris la nan san yo, si yo pran medikaman yo nomalman.

Nan peyi Dayiti yo bay medikaman (ARV) yo gratis. Malgre tout efò Ministè Sante Piblik (MSPP) fè pou bese kantite moun k ap enfekte yo ak pou tretman a, nivo edikasyon moun yo, ak inyorans yo sou koze VIH/SIDA a, rete on gwo defi pou Leta.

Nan gouvènman Ayisyen a, "Programme National de Lutte contre le Sida" (PNLS) gen responsabilite pou l’ kontwole epidemi maladi a, epi jere tout entèvansyon ak aktivite ki gen rapò ak VIH/DIDA sou teritwa a. "President's Emergency Plan for AIDS Relief" (PEPFAR) ki se pwogram nasyonzini a ki responsab koze VIH/SIDA a, ak "Fonds mondial de lutte contre le sida, la tuberculose, et le paludisme" (FMSTP) se de pi gwo enstitisyon entènasyonal ki bay èd teknik, lajan, zouti pou fè tès yo ak medikaman ARV yo nan peyi Dayiti.

Transmisyon ak Prevansyon[edite | modifye sous]

VIH la transmèt ak kontak dirèk ak kèk likid kò a tankou: san, likid nan vajen, likid nan dèyè, espèm, sekresyon avan ejakilasyon (swente), ak lèt manman. Nan lane 1983 yo te fè yon etid nan peyi Dayiti pou konnen ki faktè ki fè moun yo ka trape VIH la pi fasil. Yo te idantifye kèk faktè tankou : tibèkiloz, pwostitiye, lòt maladi transmisib seksyèlman, sèks san pwoteksyon, ak transfizyon san.[2]

Twa jan moun ka pran VIH la se:

  • Sèks san pwoteksyon, menm si moun nan etewoseksyèl (fi/gason) oswa omoseksyèl (gason/gason ou fi/fi)
  • Kontakt ak materyèl ki enfekte, tankou: piki ou sereng moun kap pran dwòg, materyèl yo fè tatou, transfizyon san (pa fasil)
  • Transmisyon manman/pitit pandan gwosès la, pandan l ap akouche, ak pandan l ap bay tete.

Ou pa ka pran VIH nan krache (bo), dlo je, oswa pipi. Kontrèman ak tout sa moun ap di e kapab panse, ou pa kapa pran VIH la si w

  • Bo sou bouch ak yon moun ki gen VIH
  • Manje ak bwè ak yon moun ki gen VIH
  • Itilize menm twalèt ak moun gen VIH

Nan popilasyon an, viris sa a se youn nan viris ki pi difisil pou jere pou plizyè rezon. Souvan moun ki enfekte a pa konnen si li enfekte (stati li), epi moun ki konnen stati li a pa toujou suiv tretman a, youn nan kòz risk transmisyon a ogmante. Nan 2014, 62.602 moun te trete sou 140.000 moun enfekte, ki reprezante sèlman 44.7% .4. Nan peyi Dayiti gen anpil estigmatizasyon, ki vle di, yo lonje dwèt ak yo pa akspete moun ki enfekte, kifè yo pa vreman pale sou koze VIH/SIDA la nan kominote yo, nan lekòl yo, e menm nan sant sante yo.

Bon kopòtman yon manman ki enfekte ka diminue chans pou li bay ti bebe li a viris la. Se pou li toujou pran medikaman (ARV) li yo pandan gwosès li, epi pou li akouche nan yon sant sante (sitou pou fanm ki ap fè sezayyèn yo). Bon konpòtman sa yo ap bese anpil risk enfeksyon ti bebe a. Nan ka sezaryèn li enpotan pou fan m ansent la ale nan yon bon lopital.

Estigmatizasyon an Ayiti[edite | modifye sous]

Estigmatizasyon, se lè lòt moun ap lonje dwèt, pale mal osinon aji mal avèk yon moun ki malad, ki kokobe osinon ki diferan. Yo sevi ak diferans sa kòm yon mak enferyorite, pou rabese moun la.

Kantite moun ki enfekte nan peyi Dayiti[edite | modifye sous]

Statistik sou SIDA a an Ayiti[3]
Kantite moun ki ap viv avèk VIH

(tout laj), 2015

130,000
Lanmò ki te koze pa SIDA

(tout laj), 2015

8,000
Kantite òfelen akòz SIDA

(aj 0-17), 2015

110,000
Estimasyon to tretman an antiretwoviral

(granmoun ki pi gran 15+), 2015

53%
Estimasyon pousantaj nan fanm ansent ki ap viv avèk VIH

ak ki te resevwa yon tretman antiretwoviral pou prevansyon

transmisyon manman-pitit, 2015

>95%


Nan lane 2014 popilasyon peyi Dayiti a a te 10.57 milyon moun, e te gen 140,000 moun k ap viv ak VIH (PLHIV). Nan 2o gen 1,8% to prevalans VIH / SIDA E e chak ane plis pase 7,200 Ayisyen mouri nan SIDA. 5

Nomalman nan kesyon jesyon VIH/SIDA la, gen kesyon tretman a, ki vle di moun ki enfekte yo dwe pran medikan yo (ARV) . Tretman ki pi popilè a rele "triterapi". Tritaerapi a diminye kantite viris la nan san moun nan, li ranfose sistèm defans kò moun la, epi li anpeche lòt kalte enfeksyon rantre sou moun la, sa ki ka lakòz lanmò moun sa a. Tretman sa tèlman byen mache nan mond la, kounie a VIH la vin on kondisyon kronik, menm chimen pou w pase nan 4 etap pou w rive nan SIDA a vin preske pa egzite anko. Anthony Fauci, ki an tèt NIAID, , ".« Si tout moun mete men kounye a, et si tout moun angaje yo nan lane k ap vini yo, nouvo jenerasyon k ap vini a pap janm gen SIDA »

Tès pou VIH[edite | modifye sous]

Li fasil pou yon moun fè tès VIH la nan peyi DAyiti pou li ka konn stati li. MSPP lba yon lis tout klinik ak lopital nan peyi a kote [archive], moun ka fè tès la.

De tès ki genyen nan peyi Dayiti se tès rapid avek tès PCR. Tès rapid la ka sèvi ak youn gout san, epi li prann 15 minit pou bay rezilta a. Tès PCR sèvi ak plis san, ke yo voye pou laboratwa nan Pòtoprens, e yo bay rezilta yo apre plizyè semenn. Yo pito fè tès PCR pou timoun ki fèk fèt yo.

Referans[edite | modifye sous]

  1. « HIV and AIDS in the Caribbean Fact Sheet, 2017 ». pancap.org. Pan Caribbean Partnership against HIV/AIDS. Retrieved 2017-11-27. 
  2. Pape, JW (1983). « Characteristics of the acquired immunodeficiency syndrome (AIDS) in Haiti. ». New England Journal of Medicine. PMID 6621622. 
  3. « Haiti: 2015 Country factsheets ». aidsinfo.unaids.org. UNAIDS. 

Lyen deyò[edite | modifye sous]