Aller au contenu

Spiralis

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Spiralism se yon mouvman literè ki te parèt an Ayiti nan ane 1960 yo epi ki te aktif sitou nan ane 1970 yo ak 1980 yo, li pran enspirasyon l nan teyori syantifik ak konsèp filozofik spiral la. Li se yon mouvman literè ki karakterize pa apwòch inovatè ak eksperimantal nan zafè ekriti, ki redefini koze konvansyon literè tradisyonèl yo. Se romansye Ayisyen René Philoctète ki te entwodui li, nan woman li a ki rele "Le Peuple des terres mêlées" epi ki te pibliye nan ane 1982 [1] .

Denominasyon

[modifye | modifye kòd]

Frank Étienne te chwazi tèm spiralism lan, ki sòti nan mo spiral, ki senbolize lide tankou yon retou siklik, yon kontinuite ak yon devlopman ki pa p janm fini. Travay spiral la karakterize enkyetid inivèsèl nan pèsekisyon jeneral li. Mouvman an distenge tèt li pou dezi li genyen pou kraze nòm literè tradisyonèl yo epi pwopoze yon nouvo apwòch nan ekriti [1] .

Sa a se yon envansyon ki pa plajye oubyen kopye lòt bagay ke lavi, yon spiral an mouvman. Mouvman literè san parèy sa a, pa gen manifès ni règ pou swiv, li baze sou yon nouvo fòm, yon fòm san yon definisyon ki fikse alavans .

Spiralism pran nesans, akòz sikonstans politik yo, se yon ekspresyon lokal de rezistans atravè estetik. Se yon rebelyon kont nenpòt tantativ pou fèmen n, yon foli yo reklame lè deteryorasyon kondisyon pou moun pale pran non nòmalite. An menm tan, spiralis la ale pi lwen pase mouvman ki nan zile an, puiske li patisipe nan kesyon inivèsèl, sètadi kijan nou ka pibyen rakonte vyolans nou t ap sibi.

Prensipal pwoblèm fondamantal yo se : eseye kapte yon reyalite, transmèt reyalite sa a, pandan n ap kenbe liy fòs yo, pou reyalite sa a ki transmèt sou nivo literè a pa yon bagay fiks, yon bagay ki mouri. Se la mirak atizay la manifeste : eseye kapte reyalite a san nou pa touye l. Kapte : se kenbe, se imobilize. Se konprann san nou pa toufe.

Zèv spiral la toujou an mouvman. Sa eksplike yon ti kras entèripsyon k ap repete nan devlopman tèks la. Anplis, li pa nesesè ditou pou konstwi zèv la apati yon sijè spesifik. Ekri vin tounen yon vrè avanti, yon istwa miltipolè kote chak mo, k ap jwe wòl yon deklanchè, gen chans pou transfòme an yon nwayo ki pare pou dezentegre pou bay nesans ak lòt antite vèbal. Nan sans sa a, spiral la se fondamantalman yon zèv ouvè, ki pa janm fini. Spiral la se yon tantativ pou konprann reyalite a nan divès aspè li yo.

Anfèt, spiralis reflete yon revolisyon nan fòm ekriti tradisyonèl la. Li pa aksepte plajya , li se yon renouvèlman nan literati modèn.

Objektif yo

[modifye | modifye kòd]

Objektif mouvman spiralis yo la se te denonse rejim diktatoryal la, kritike inegalite sosyal ak ekonomik, epi ankouraje chanjman sosyal. Ekriven ak atis spiralis yo te itilize souvan eleman sireyalis, senbolik ak alegorik pou eksprime lide ak emosyon yo, epi yo te fè efò pou kaptire esans reyalite Ayisyèn nan pandan y ap transande li. [2]

Spiraliz la vize yon estetik literè spesifik epi valè li mezire eksplisitman nan pratik literè. Men san okenn kalite manifès. Epi se pa yon konyensidans ke twa fondatè ak pwodiktè spiralis yo, Philoctète, Frank Étienne ak Fignole, te rete sou zile Ayiti malgre diktati Duvalier a , kòm rezilta, yo te soufri yon izòlman konsa [3] .

Gen kèk gwo ekriven ki asosye ak mouvman spiralis la enkli René Philoctète, Jean-Claude Fignolé, Frank Étienne, ak Joël Des Rosiers . Zèv yo te make pa yon apwòch inovatè nan rakonte istwa, yon langaj powetik e souvan pwovokan, ak yon gwo enkyetid pou istwa ak idantite Ayisyen an.

Daprè Frank Étienne spiral la reprezante yon nouvo jan ki pèmèt nou tradui palpitasyon mond modèn nan.

Ekriti spiral la prezante tèt li kòm yon opòtinite pou demokratize literati. Pou nou, se pa yon kesyon envansyon oswa kreyasyon (ekriven an pa ka ranplase Bondye), men se pou nou ranje eleman langaj yo libman pou nou ka konstitye tèks la. Nan yon pèspektiv konsa , pwosesis sa a sanble lajman demokratik.

Pami otè ki pi enpòtan nan mouvman spiralis la gen non tankou René Philoctète, Frank Étienne, Jean-Claude Fignolé, Lyonel Trouillot ak anpil lòt ankò. Zèv yo te souvan make pa yon angajman sosyal solid, yon kritik opresyon ak yon rechèch pou idantite nasyonal.

Karakteristik

[modifye | modifye kòd]
  • Karakteristik prensipal spiralis la gen ladan yo: Eksperimantasyon lengwistik: Ekriven spiralis yo eksplore epi jwe ak langaj, yo itilize neyolojis, jwèt mo, ak ekspresyon popilè Ayisyen pou kreye yon langaj rich ak vibran.
  • Angajman Sosyal: Zèv spiralis yo souvan abòde tèm sosyal ak politik, tankou povrete, enjistis, ak kondisyon pèp Ayisyen an. Ekriven yo chache denonse pwoblèm sosyete ayisyèn nan epi eksprime angajman yo pou chanjman.
  • Melanje Jan Literè yo: Ekriven spiralis yo pa limite tèt yo ak yon sèl jan literè. Yo eksplore posiblite pwoz la ofri, pwezi, dram ak narasyon pou eksprime ide ak emosyon yo.
  • Rechèch Estetik: Mouvman an bay anpil enpòtans sou rechèch nouvo fòm estetik ak eksperimantasyon literè. Objektif la se kreye travay orijinal ak inovatè.

Kit se pwezi, woman, pyès teyat, oswa lòt fòm ekriti, literati ayisyèn nan te toujou yon mwayen enpòtan pou Ayisyen yo eksprime istwa yo, kilti yo ak aspirasyon yo. Li te jwe yon wòl vital tou nan prezèvasyon ak transmisyon idantite ayisyèn nan mitan jenerasyon yo, nan devlopman literati ayisyèn kontanporèn nan lè li bay ekriven Ayisyen yo yon vwa nouvo ak orijinal, pandan l ap kontribye nan anrichisman eritaj literè nasyon an. Li kontinye enfliyanse epi enspire anpil otè Ayisyen ak etranje jouk jounen jodi a.

Mouvman spiralis la merite pou tout moun konnen li. Biyè sa a pa ka kouvri tout aspè mouvman spiralis la alevwa pou konen pi byen tout fondatè mouvman sa a. Mwen envite w pou w apwofondi konesans ou sou mouvman sa a epi pou w li zèv otè sa yo pibliye [4] .

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. 1 2 « Le spiralisme de Frankétienne ». www.potomitan.info. Retrieved 2023-08-09.
  2. Communication_cdh (2021-11-13). « Conférence de Frankétienne sur le Spiralisme ». Le centre d'art d'Haïti (in français). Retrieved 2025-02-22.
  3. Natascha Ueckmann. « IL N'EST VRAIE PAROLE EN CARAIBE QUE LA SCHIZOPHRENIE:AUTOUR DU SPIRALISME » (<<PDF>>) (in français). Retrieved Jeudi 03 aout 2023. Check date values in: |access-date= (help)
  4. « Haïti- Littérature : le Spiralisme - Lire pour transformer - Lire pour transformer ». zacharie.mondoblog.org. Retrieved 2023-08-03.

Modèl:Portail