Sinema ameriken
Sinema ameriken an se kisa ?
Sinema ameriken an gen ladanl tout fim ki fèt ozetazini, e kè li chita nan Hollywood. Sinema ameriken an se sa ki plis enfliyanse sinema mondyal la, ni nan reyalizasyon, ni nan teknik, ni nan maketin[1].
Referans
- ↑ « Cinéma américain : Définition simple et facile du dictionnaire » (in français). 2025-01-01. Retrieved 2025-10-17.
.Pa metonimi, mo "Hollywood" ka vle di tout endistri odyovizyèl ameriken an, oswa omwen pi gwo estidyo yo.
Kritik ameriken Pauline kael te rezime an 1968 estil fim oliwoudyen yo ak fraz "Kiss Kiss Bang Bang". Fraz sa montre enpòtans relasyon amoure ak aksyon ki karakterize pwodiksyon sa yo, pandan li fè wè tou enpòtans aspè teknik, kalite teknisyen yo, ak kontwol teknoloji ki bay sinema sa a fòs li. Sa gen ladanl tout aspè tankou : senaryo, mizansèn, imaj, montaj, mizik, son ak efè espesyal.
Men sinema ameriken ans e tou yon endistri pwisan ak byen òganize, kote finansman ak maketin gen yon gwo wòl nan desizyon yo. Li fè pati endistri amizman ameriken an, ki se youn nan pi gwo sous revni ekonomik ozetazini ak aletranje.
Fim ki fèt ozetazini yo jwe toupatou, menm nan ewòp, kote yo reprezante plis pase 62,5% nan tikè sinema yo (an 2001). Sinema oliwoudyen an se prensipal motè ki gaye kilti ameriken an atravè lemond, ansanm ak seri televizyon yo[1].
Referans
- ↑ « Cinéma américain » (in français). 2025-09-29.