Seri televizyon
Yon seri televizyon (ou kapab rele tou yon seri, seri televizyon, teleseri; oubyen feyton nan Kanada ), se yon travay televizyon ki fèt pou difize pa "epizòd" ki souvan genyen yon dire ki menm valè. Pafwa yo konn difize tou pa sezon.
Lyen ki genyen ant epizòd yo ka istwa a, pèsonaj yo, oswa pafwa tèm seri a[1] . Sa a se kalite fiksyon ki pi adapte ak televizyon [2] , [3] , [4] , [5], paske fason li rakonte a fèt pou anfòm ak fòma ekran televizyon an ak orè difizyon regilye ki chache kenbe enterè piblik la. Se konsa, seri televize a diferan de telefim nan, ki se yon sèl fim televizyon fiksyon[6],, men pafwa yon telefim ka sèvi kòm premye epizòd ki lanse yon seri, tankou pou Columbo oswa Twin Peaks [7] .
Kantite seri yo ap ogmante chak ane pa egzanp, an Ewòp, li monte anpil nan sis (6) ane: soti nan 971 tit nan lane 2015 pou rive nan 1 324 tit nan lane 2021; sa vle di 23 844 epizòd ak 14 931 èdtan pwodiksyon pandan lane 2021 an.
Ozetazini, kèk nan seri televize yo te gen gwo enfliyans sou moun k ap gade yo ak sou imajinè kolektif la, sa menm rive enfliyanse non y ap bay timoun, pafwa pandan plizyè jenerasyon [5]. Seri yo fèt pou kreye abitid e fè moun vin depann de yo. Moun souvan gade yo pou kont yo, sa ki fè moun k ap gade yo vin fèmen nan yon “kokon dijital”, jan pwofesè ak filozòf Bertrand Cochard esplike l[8]. Nan lane 2019, 66% Fransè di yo gade yon seri pou pi piti yon fwa nan semèn nan, epi 30% chak jou. Dapre Netflix, moun fè plis pase 2,1 milya èdtan ap gade seri Squid Game pandan lane 2021 nan tout mond lan[8].
Ozetazini, epizòd yo souvan parèt chak semèn epi yo pase yo nan premye pati nwit la, pou yo kapab “fidelize” moun k ap gade yo. An Frans, premye pati aswè a rezève pou pi bon seri televize yo, tandiske lòt yo pase plis nan lajounen, swa chak jou oswa chak semèn. Men, seri ameriken yo souvan pase chak jou nan lajounen oswa chak semèn nan aswè a, pa gwoup 2 oswa 3 epizòd ansanm.
Istwa
[modifye | modifye kòd]Anpil peyi te pwodui seri televizyon, pafwa ak yon bon jan kalite remakab, men gen 3 peyi ki domine listwa seri televizyon yo: Etazini, Lafrans ak Wayòm Ini[9]. Depi nan rasin li, seri televizyon an soti, yon bò, nan fim ki te fèt an plizyè epizòd (sa yo rele yo “seri”), yon fòm ki te envante yon ti tan anvan Premye Gè Mondyal la. Yon lòt bò, nan modèl feyton ki te pibliye nan jounal yo epòk sa a, ansanm ak teyat radyo dramatik yo. Seri televizyon an te, nan esans li, yon fim ki te ekri avèk yon senaryo espesyalman ki fèt pou l divize an plizyè epizòd epi prezante piblikman nan sinema.
Evolisyon kantitatif ak komèsyal, enpak sosyo-psikolojik
[modifye | modifye kòd]Daprè pwofesè ak doktè nan filozofi Bertrand Cochard, fenomèn seri televizyon yo antre nèt nan kad Sosyete Espektak la, jan Guy Debord te dekri li a, sa vle di yon sosyete «kote machandiz yo vin tounen ritm lavi chak jou nan yon sik fo siklik»[10].
Depi nan lane 1960 yo, kantite chèn televizyon yo te kòmanse ogmante e yo vin pi plis toujou lè televizyon dijital vin parèt epi gwo konpayi tankou Amazon (Prime Video), Netflix, Disney+, Hulu, HBO Max, elatriye vin elaji zafè entènèt la, pwodiksyon seri yo te ogmante tou. Yo vin plis fèt ak entansyon pou fè moun k ap gade seri yo depann de yo, nan objektif pou genyen plis pati nan mache a, sa vle di plis tan moun fè ap gade pandan lè gwo odyans, epi finalman plis moun vin bay atansyon ak sa.
Souvan, moun gade seri yo pou kont yo, sa ki souvan diminye relasyon sosyal yo epi ankouraje yo fèmen nan espas prive[11]. Bertrand Cochard (2024) fè remake seri yo «nouri adiksyon nou ak ekran yo epi fè nou rete fèmen nan yon “anvlòp dijital teknolojik». Li avèti fenomèn sa a gen konsekans pou sèvo moun ak pou konsomasyon enèji mondyal la.
Nan lane 2019, selon yon sondaj enstiti YouGov te fè pou Prime Video (Amazon), yo te jwenn gen 66% moun nan peyi Frans ki gade pou pi piti yon seri pa semèn, pandan 30% fè sa chak jou. Sou bò pa li, Netflix te rapòte moun fè plis pase 2,1 milya èdtan ap gade sèlman seri Squid Game (2021) atravè mond lan[12] yon kantite ki ta menm valè, pou bay yon konparezon, ak 6 852 moun ki t ap gade seri sa a pandan 12 èdtan pa jou, depi lè yo fèt yo jouk yo mouri.
Etazini
[modifye | modifye kòd]Seri televizyon ameriken koumanse grandi depi nan kòmansman televizyon komèsyal Ozetazini, nan finisman ane 1940 yo. Se nan epòk sa a televizyon te vin tounen yon mwayen kominikasyon popilè[13] e yo kòmanse devlope gwo chèn nasyonal k ap fè konpetisyon youn ak lòt atravè pwodiksyon pwogram ak fiksyon kreyatif[14]. Televizyon, nan premye “laj dò” li (1948-1960) pran distans ak teyat ak radyo ki te konn filme. Li mete aksan sitou sou imaj ak inovasyon vizyèl, epi li chèche kreye yon relasyon fidèl ak piblik la gras ak emisyon regilye ki melanje varyete, amizman e pafwa kilti. Pwogram sa yo te souvan jwenn finansman nan men gwo mak komèsyal, epi piblisite ki te konn pase pandan pwogram sa yo te pèmèt chèn yo garanti yon odyans solid[15] devan moun ki te konn bay pase anons yo.
Nan lane 1948, kat chèn nasyonal jeneralis (twa gwo “rezo” yo NBC, CBS, ABC ki te soti nan divèsite chèn radyo nasyonal yo, ansanm ak chèn DuMont) te kòmanse difize seri fiksyon epizodik, ak plizyè jan fondamantal: soap opera (ki pèdi popilarite li nan fen 20yèm syèk la), seri dramatik (tankou Dragnet oswa Les Incorruptibles), seri avanti tankou Zorro, antoloji tankou Le Monde merveilleux de Disney oswa Kraft Television Theatre, Alfred Hitchcock présente, ak Au nom de la loi, epi sitcom nan (tankou I Love Lucy, souvan konsidere kòm “manman tout seri yo”[16]), ki te rete jan prensipal nan televizyon popilè pou rive jis nan kòmansman ane 2000 yo[17].
Eleman tradisyonèl nan kilti ameriken an te enspire premye seri yo tankou: "le policier" ak "le western". Kòm televizyon te yon nouvo mwayen, sitou familyal, pwodiktè yo te oblije envante tout bagay ak fè anpil eksperyans, men toujou anba limit ekonomik ak moral. Konbinezon sa a, ansanm ak enfliyans teyat, sinema, ak radyo, te pouse otè yo devlope yon kreyativite ekstraòdinè. Byen vit, yo te kòmanse entegre eleman syans fiksyon ak fenomèn espas, tankou Star Trek, ki te reflete enterè k ap grandi Etazini te genyen nan konkèt espasyal la. Pandan Lagè Fwad la, jan espyonaj ak syans fiksyon (tankou Les Envahisseurs ak La Quatrième Dimension) te vin pran plis plas tou. Kreyativite sa a te mennen nan aparisyon seri ibrid tankou Les Mystères de l’Ouest, ki melanje fantastik, espyonaj, syans fiksyon ak western, oswa Des agents très spéciaux, ki konbine syans fiksyon avanse ak espyonaj[18].
Nan ane 2000 yo, seri ameriken yo antre nan yon nouvo laj dò (apre sa nan ane 1950 yo). Dapre analiz Alexis Pichard, epòk sa a karakterize pa “yon amelyorasyon kalite, yon inifòmite nan pwodiksyon, yon siksè piblik eksepsyonèl” ak yon pi gwo sansiblite sosyal[19]. Dapre li, nouvo laj dò sa a se rezilta yon revolisyon ki te kòmanse depi nan lane 1980 yo avèk gwo rezo televizyon yo, epi ki te ranfòse nan lane 1990 yo gras ak chèn kab yo. Se poutèt sa, ane 2000 yo reprezante yon moman tranzisyon kle nan istwa seri televizyon ameriken yo ak nan istwa mondyal seri yo tou.
Konsèp “enperyalis kiltirèl ameriken” an, ki te parèt nan finisman ane 1960 yo, refere ak dominasyon endistri amizman ameriken an, sitou nan domèn seri televizyon plis pase nan sinema[20]. Dominasyon sa a manifeste atravè ekspòtasyon seri yo, ki soti nan lane 1970 lè yo te kòmanse genyen siksè entènasyonal gras ak karakteristik estriktirèl tankou “efè stock” (kantite seri ki pwodui Ozetazini depase anpil sa ki fèt nan peyi enpòtatè yo) ak “efè solde” (seri ki deja rantabilize sou mache ameriken an kapab vann pi bon mache aletranje pase pwodiksyon lokal yo)[21]. Menm si anpil nan seri sa yo pote yon vizyon kritik sou sosyete ameriken an, men pèsonaj gason ak fanm yo[22], ansanm ak tèm yo abòde, kontinye sèvi kòm yon mwayen pwopagasyon “American way of life[23]” la.
Pwodiktè ak difize seri Ozetazini
[modifye | modifye kòd]| The Walt Disney Company | AT&T | Comcast | ViacomCBS | Fox Corporation | AMC Network | Netflix | Amazon | Apple | |
|---|---|---|---|---|---|---|---|---|---|
| Disney Média Network | WarnerMedia | NBCUniversal | |||||||
| Grand Network | ABC | The CW | NBC | CBS, The CW | Fox Network | ||||
| Chaîne du câble | FX | HBO, TNT, Adult Swim, True TV | USA Network, Syfy | Showtime | AMC, BBC America | ||||
| SVOD | Disney+, Hulu | HBO Max, Hulu | Peacock | Paramount+ | Netflix | Amazon Prime Video | Apple TV+ | ||
| Major du cinéma | Walt Disney Studio Entertainement | Warner Bros Entertainment | Universal Studio | Paramount Picture |
Peyi Frans
[modifye | modifye kòd]Premye seri fransè yo te, yo menm tou, pran enspirasyon yo nan kilti istorik la: Le Chevalier de Maison-Rouge, Thierry la Fronde, Vidocq, Le Chevalier Tempête, Thibaud ou les Croisades, Mandrin, Le 16 à Kerbriant, Ardéchois cœur fidèle. npil ladan yo te sòti nan woman-feyton fransè: Le Chevalier de Maison-Rouge, Rocambole, Lagardère, Jacquou le Croquant, Les Habits noirs, La Dame de Monsoreau, La Porteuse de pain, D’Artagnan, L’Homme qui revient de loin, La Juive du Château-Trompette, Chéri-Bibi, La Poupée sanglante, Le Loup blanc, La Corde au cou e, san dout, Belphégor; epi, nan kad kopwodiksyon ewopeyen, te gen tou: Arsène Lupin, Joseph Balsamo, Le Comte de Monte-Cristo, Les Mystères de Paris, Fantômas.
Televizyon fransè a, depi nan kòmansman li, te gen gwo enterè pou seri polisye: Signé Alouette, Le train bleu s’arrête 13 fois, Les Cinq Dernières Minutes, Allô Police, Les Enquêtes du commissaire Maigret, Commissaire Moulin, François Gaillard ou la vie des autres, Les Brigades du Tigre dènye seri sa a te konbine ankèt polisye ak eleman nan kilti istorik la (gade lis seri polisye fransè yo[24]).
Nan lane 1960 yo, televizyon fransè a te fè gwo siksè ak seri tankou Les Globe-trotters ak Les Chevaliers du ciel. Men, Jules Verne pa t jwenn plas li nan pwodiksyon fransè ane 1970 yo, sof nan kad kopwodiksyon tankou L’Île mystérieuse, Deux ans de vacances, Michel Strogoff. Malgre sa, televizyon fransè a te eseye adapte klasik ak woman polisye etranje tankou La Légende de Bas-de-Cuir, Les Aventures de Tom Sawyer, Face aux Lancaster; epi nan kopwodiksyon ak televizyon alman an, te gen L’Île au trésor, Quentin Durward, Le Loup des mers. Finalman, li te lanse nan adaptasyon zèv fransè modèn tankou Les Gens de Mogador, Nans le berger, D’Artagnan amoureux, Gaston Phébus e, atravè kopwodiksyon, La Lumière des justes.
Jiska kòmansman ane 1980 yo, televizyon fransè a te yon monopòl Leta e li te jwenn anpil gwo pwoblèm tankou mwayen finansye limite ak oto-sansi. Nan lane 1960 yo, lavi fanmi ak santimantal moun fransè mwayen te parèt nan seri tankou Les Saintes Chéries ak Les Oiseaux rares. Sa pa t anpeche ORTF envante ak pwodui seri atipik tankou Les Shadoks (kreye an 1968) ak L’Homme du Picardie. Dapre kèk obsèvatè, finisman monopòl la te afebli kalite pwodiksyon fransè yo[25]. Vrèman vre, pa gen anpil seri fransè modèn ki jwenn bon akèy nan men kritik yo.
Konsa, nan ane 1990 yo, ak antrepriz AB Productions, televizyon fransè a te wè aparisyon anpil sitcom tankou Premiers Baisers, Hélène et les Garçons oswa Le Miel et les Abeilles, ki te sibi anpil kritik men ki te atire anpil jèn telespektatè. Malgre kèk seri fransè jodi a reyalize gwo siksè nan odisyan (tankou Plus belle la vie ki te konn rasanble plis pase senk milyon telespektatè chak jou nan pi bon moman li yo), raman gen youn ki rive jwenn menm kalite rekonesans ak seri ameriken yo.
Anplis, fòma seri fransè yo te diferan pandan lontan ak sa lòt peyi yo: pandan yon epizòd lòt kote nan mond lan dire an mwayèn 42 minit, yon epizòd seri fransè ki pase nan premye pati aswè a te dire 90 minit, pou adapte l ak dire lè gen plis moun k ap gade an Frans. Men longè sa a te yon dezavantaj pou ekspòtasyon. Tandans sa a diminye anpil nan dènye ane yo, paske chèn fransè yo adopte kounye a fòma 42 minit la epi yo difize 2 oswa 3 epizòd youn apre lòt pou kenbe dire orè gwo odisyans lan.
Depi ane 2010, gen Festival Séries Mania an Frans ki konsakre ak seri televizyon ki soti toupatou nan mond lan, e ki fèt chak ane.
Nòt ak referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ Alain Carrazé 2007, p. 10
- ↑ Winckler, Petit et Schléret 1999, p. 4
- ↑ Alain Carrazé et Christophe Petit 1994, p. 9
- ↑ Jean Jacques Jélot-Blanc 1993, p. 13
- 1 2 Didier Liardet 2005,
p. 9 Erè nan sitasyon : Baliz
<ref>pa valab ; yo defini non « Liardet-p9 » plizyè fwa ak kontni diferan - ↑ Stéphane Benassi 2000, p. 39
- ↑ Alain Carrazé 2007, p. 11
- 1 2 Hortense Chauvin (13 avril 2024). « On regarde trop de séries parce qu'on travaille trop ». Reporterre. Retrieved 2024-04-15.
- ↑ Riquier, R.; Petit, J.; Oksenhendler, G.; Winckler, C. (1987). « Révélation d'un phéochromocytome mortel lors d'une anesthésie générale ». Annales Françaises d'Anesthésie et de Réanimation 6 (2): 117–119. ISSN 0750-7658. doi:10.1016/s0750-7658(87)80115-6.
- ↑ Sizaire, Vincent (2023). « Une encoche dans le trop-plein répressif ». Revue des droits de l’homme. ISSN 2264-119X. doi:10.4000/revdh.18177.
- ↑ Sizaire, Vincent (2023). « Une encoche dans le trop-plein répressif ». Revue des droits de l’homme. ISSN 2264-119X. doi:10.4000/revdh.18177.
- ↑ Sizaire, Vincent (2023). « Une encoche dans le trop-plein répressif ». Revue des droits de l’homme. ISSN 2264-119X. doi:10.4000/revdh.18177.
- ↑ Sepulchre, Sarah (2017-09-01). « Décoder les séries télévisées ». INFO&COM (De Boeck Supérieur): 115–162. ISBN 978-2-8073-0817-6.
- ↑ Marchet, Marion (2024). « Olivier Mahéo, De Rosa Parks au Black Power : une histoire populaire des mouvements noirs, 1945-1970 ». Cahiers d’histoire. Revue d’histoire critique 161. ISSN 1271-6669. doi:10.4000/1322u.
- ↑ Sepulchre, Sarah (2017-09-01). « Décoder les séries télévisées ». INFO&COM (De Boeck Supérieur): 115–162. ISBN 978-2-8073-0817-6.
- ↑ « Série télévisée » (in français). 2025-09-23.
- ↑ « Série télévisée » (in français). 2025-09-23.
- ↑ « Série télévisée » (in français). 2025-09-23.
- ↑ https://fr.wikipedia.org/wiki/S%C3%A9rie_t%C3%A9l%C3%A9vis%C3%A9e#cite_note-16
- ↑ https://www.letemps.ch/culture/tv-series-feuilletons-imperialistes
- ↑ Marjolaine Boutet, « », Parlement[s], Revue d'histoire politique, no 29, 2019, p. 137-149 (DOI 10.3917/parl2.029.0137).
- ↑ Morin, Céline (2017). « Bibliographie ». Les Héroïnes de séries américaines (Presses universitaires François-Rabelais): 273–288. ISBN 978-2-86906-491-1.
- ↑ Maillefert, Muriel (2005-10-22). « Mark Lynas, 2004, Marée montante, Editions Au Diable Vauvert, 382 p ». Développement durable et territoires. ISSN 1772-9971. doi:10.4000/developpementdurable.1463.
- ↑ « Liste de séries policières françaises » (in français). 2025-10-31.
- ↑ https://fr.wikipedia.org/wiki/S%C3%A9rie_t%C3%A9l%C3%A9vis%C3%A9e#cite_note-Winckler-p4-2