Aller au contenu

Rosa Parks

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Rosa Parks
yon ilistrasyon sou lisans lib t ap itil
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Rosa Louise McCauley Parks, pou pi senp Rosa Parks, fèt 4 fevriye 1913 nan Touskigi nan Alabama (Etazini) epi mouri 24 oktòb 2005 nan Detwa nan Michigann, se yon fanm afwo-ameriken, youn nan figi anblematik lit kont separasyon rasyal la nan Etazini, sinonmen "manman dwa sivik yo) nan kongrè ameriken an.

Premye desanm 1955 pandan Rosa Parks te gen 42 lane, li te refize bay yon pasaje blan plas li a nan yon bis James F. Blake t ap kondui. Gen lòt moun ki te konn pwoteste konsa avan l kont separasyon rasyal la Ozetazini: Claudette Colvin, 15 lane, 2 mas 1955, Aurelia Browder, 36 lane, nan avril 1955 ak Mary Louise Smith, 18 lane, 21 oktòb 1955.

Lapolis te arete li epi kondane pou l te peye 15 dola kòm amand. Nan dat ki 5 desanm 1955 li te fè apèl kont jijman sa. Pastè Martin Luther King Jr, ansanm ak Ralph Abernathy, pastè Premye legliz batis Amerik la, te lanse yon kanpay pwotestasyon ak bòykòt kont konpayi bis la ki dire 380 jou. 13 novanm 1956, Lakou siprèm ameriken abwoje lwa segregasyonis nan bis yo, kote yo deklare li pa konstitisyonèl.