Aller au contenu

Rita Ravier

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Rita Ravier
yon ilistrasyon sou lisans lib t ap itil
Biyografi
Aktivite
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Rita Ravier se yon dansèz, chantèz , koris, aktris ak koregraf [1] franse . Li fèt nan Matinik epi li rete ak travay nan "Rivière-Salée" ( Matinik ). Nan 2016 li te ko-fonde konpayi an teyatral "Cie Insolites" ak Emilie Alves de Puga epi Murielle Bedot [2] .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Yon etidyan nan "Centre des arts de la scène" (sant miltidisiplinè atistik) nan Pari, li te tanmen karyè li nan lane 2002 nan "Compagnie Difé Kako", answit an 2012 nan lòt konpayi dans, tankou "Compagnie Christiane Emmanuel", konpayi "Idylle Murielle Bedot" ak konpayi "Yonn Dé Moun de Jean-Félix Zaïre [3] .

Karyè mizikal

[modifye | modifye kòd]

Li te kòmanse chante avèk gwoup Sanblaze (rap akoustik) epi li te aprann chante lirik avèk Nathalie Sanz. Li pratike ak Faratouba, Hm.. Hm, Òkès "Difé Kako" epi patisipe nan kreyasyon plizyè lòt albòm [4] , [3] .

Karyè li nan teyat

[modifye | modifye kòd]

Karyè teyat li te kòmanse avèk "Compagnie Acte II" nan vil Pari ak pyès teyat " Le livre de la Jungle" . Lè li te tounen Matinik (an 2014) li te jwe ak gwoup tankou "Théâtre du Flamboyant" ki ekri pa Lucette Salibur, E. T. C (Ekriti teyat nan Karayib la), "Cie Rézylians" ekri pa Éric Delor, "Théâtre de la Ruche" ekri pa Valérie Goma nan Giyàn, "Compagnie T.R A.C. K" ekri pa Daniély Francisque, "Bleus et ardoise" pa Françoise Dô, 'Compagnie Ile Aimée ' pa Hervé Deluge ak " Compagnie Kant é Kant" pa Néophana Valentine ak Emile Pelti [3] .

Nan lane 2019 li te jwe nan pyès teyat Daniely Francisque ki gen pou tit Ladjablès [5] .

Karyè nan sinema

[modifye | modifye kòd]

Li abitye patisipe nan dokimantè, seri televizyon ak fim ki kout [3] .

Lavi kominotè

[modifye | modifye kòd]

Andeyò karyè atistik li, li patisipe nan asosyasyon tankou "Culture Égalité" (asosyasyon feminis Martinik) ak "Latwoup AM4" (asosyasyon kiltirèl Mi Mès Manmay Matinik) etanke koregraf [6] .

Fim li jwe

[modifye | modifye kòd]

Fim ki kout

[modifye | modifye kòd]
  • " Où est le mâle" ekri paTeddy Albert [3] .

Dokimantè

[modifye | modifye kòd]
  • "oxygène d'Obeltour" (Biwo Touris Bellefontaine) [3] .

Seri televizyon

[modifye | modifye kòd]
  • 2014 ak 2015 : "Tom et Dom", sou Canal +Antilles, Productions Couleur Café ak Jeunes Passeurs [3] .

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Rita Ravier ». Culture Égalité (in français). Archived from the original on 2023-04-02. Retrieved 2023-04-02.
  2. « Rita Ravier (Cie Insolites) ». Paris Art (in français). Retrieved 2023-04-02.
  3. 1 2 3 4 5 6 7 Matrimoine. « Rita Ravier (Martinique) ». Matrimoine (in français). Retrieved 2023-04-02.
  4. « Personnes | Africultures : Ravier Rita ». Africultures (in français). Retrieved 2023-04-02.
  5. « Ladjablès se dévoile en tournée ». guadeloupe.franceantilles.fr (in français). 2019-02-15AST03:51:00-04:00. Retrieved 2023-05-11. Check date values in: |date= (help)
  6. « Rita Ravier – comédienne ». La Thymélé (in français). Archived from the original on 2023-04-02. Retrieved 2023-04-02.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]