Aller au contenu

Pwovens

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Nan peyi ki gen sistèm federal sa vle di ki sèvi ak federalis kòm prensip gouvènans, yon pwovens se yon estrikti jiridik, lejislatif ak administrativ lokal nan yon federasyon ki gen pwòp otorite pa li dapre konstitisyon an. Li egzèse yon fòm souverènte palmantè pwovensyal dapre fason pouvwa yo pataje nan nivo federal (pa egzanp pwovens Kanada yo, selon desizyon Parsons[1], oswa Eta Etazini, Tocqueville te konn rele pwovens[2]).

Gen kèk peyi initè (eta initè yo) tou ki sèvi ak mo “pwovens” pou dekri yon antite administratif lokal ki pa gen otonomi jiridik devan gouvènman santral la (tankou: pwovens Lachin yo, ki gen estati jiridik ki sanble ak depatman Lafrans yo[3]). Kòm gen plis eta initè pase federasyon nan mond lan, se sak fè yo itilize mo “pwovens” nan kontèks entènasyonal.

Anplis, gen kèk peyi ki ka deklare tèt yo kòm eta federal, men nan pratik yo pa bay gouvènman lokal yo vrè pataj konstitisyonèl pouvwa leta ki baze sou doktrin federalis la. Konsa, pwovens nan federasyon sa yo plis sanble ak divizyon administratif, menm jan ak sa yo jwenn nan eta initè yo. Nan ka sa a, se ta yon “federasyon san federalis.”[4]

Rasin mo a

[modifye | modifye kòd]

Mo « pwovens » soti nan mo laten provincia[5], ki fòme ak prefiks pro- pou ») ak rasin vincire mare », « lyen [6]»). Gen moun ki di rasin nan se vincere genyen », « bat »), men li difisil pou n deside avèk sètitid sa vle di pou verifye epi bay sous. Nan epòk Repiblik Women an, epi pita nan Anpi Women an, « pwovens » yo se te divizyon teritwa ki te deyò Itali; pandan Repiblik la, tèm sa a te plis sèvi pou montre teritwa kote yon majistra te gen pouvwa ak responsablite espesyal.

Nan kòmansman, yon pwovens women te reprezante yon domèn responsablite Senatè Women yo te asiyen bay yon majistra. Pita, sans mo a vin pi laj pou l endike tout teritwa kote majistra sa a kapab egzèse otorite li. Tanzantan, zòn kote majistra pwopretoryen oswa pwokonsilè yo te dirije yo te vin fikse selon kondisyon diplomatik, jewopolitik ak militè epòk la. Konsa, yo vin tounen distri ki te genyen enstitisyon administratif ki te vin pi estab.

Gen kèk legliz oswa kongregasyon relijye ki te toujou kontinye sèvi ak mo "pwovens" la nan sans yon pwovens eklezyastik.

Nan peyi Frans, tèm « pwovens » lan te sèvi istorikman pou idantifye divizyon administratif ki te egziste pandan Ansyen Rejim nan. Jodi a, ekspresyon « an pwovens » vle di « deyò rejyon Pari a ». Nan yon pèspektiv parizyen, tèm sa a konsidere tankou yon sans meprizan[7]. Poutèt sa, yo konn ranplase li ak ekspresyon « an rejyon ». Men, Pari li menm fè pati rejyon Île-de-France, e tèm « an rejyon » an kapab, nan kèk ka, gen menm konotasyon negatif la. Dapre jeyograf Magali Reghezza-Zitt, mo « rejyon » lan se yon tèm ki pi “politikman apwopriye”[8].

Gen ekspresyon ki sanble ak sa a nan lòt peyi pou fè referans ak zòn ki pa kapital la :

  • « en provincias » nan Pewou,
  • « la provincia » nan Meksik,
  • « în provincie » nan Woumani, elatriye.

Nan peyi Ostrali, mo « provincial » lan sèvi pou deziyen zòn ki nan yon eta, men ki pa anndan kapital eta sa a. Nan Itali, ekspresyon « in provincia » lan endike teritwa ki deyò gwo vil yo, tankou Wòm, Milan oswa Nap.

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Citizens Insurance Co of Canada c. Parsons » (in français). 2024-04-17.
  2. Brocker, Manfred. « Alexis de Tocqueville, De la Démocratie en Amérique. Teil 1, Paris 1835, Teil 2, Paris 1840 ». Schlüsselwerke der Politikwissenschaft (Wiesbaden: VS Verlag für Sozialwissenschaften): 461–464. ISBN 978-3-531-14005-6.
  3. https://www.dsec.gov.mo/getAttachment/3fcdb33a-9238-44ca-8e4b-ebdb9c868e8e/E_MN_PUB_2016_Y.aspx
  4. https://cerium.umontreal.ca/recherche-et-publications/publications/autres/autre-publication/news/detail/News/russie-une-federation-sans-le-federalisme/
  5. Kister, Laurence; Jacquey, Evelyne (2007-06-19). « NdeN et acquisition d’informations lexicales à partir du Trésor de la Langue Française Informatisé ». Corela (5-1). ISSN 1638-573X. doi:10.4000/corela.332.
  6. Lockwood, J. F. (1935-02). « A Latin-French Dictionary - Félix Gaffiot: Dictionnaire Illustré Latin-Français. Paris: Hachette, 1934. Pp. 1702+xviii; maps and illustrations. Cloth, 75 fr. ». The Classical Review 49 (1): 35–36. ISSN 0009-840X. doi:10.1017/s0009840x00066932. Check date values in: |date= (help)
  7. Verhagen, Erik (2009-09-01). « « Ce que vous voyez est ce que vous voyez » : tautologie et littéralité dans l’art contemporain ». Critique d’art (34). ISSN 1246-8258. doi:10.4000/critiquedart.493.
  8. Magali Reghezza-Zitt, , Paris, Armand Colin, coll. « Cursus », 2017, 2e éd. (1re éd. 2011), 259 p. (ISBN 978-2-200-61357-0 et 2200613571, OCLC 1003194208, lire en ligne [archive]), p. 26