Philip Glass
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Philip Glass, ki fèt 31 janvye 1937 nan Baltimore, Maryland, se yon mizisyen ak konpozitè mizik kontanporen Ameriken. Li konsidere kòm youn nan konpozitè ki gen plis enfliyans nan fen 20yèm syèk la. Avèk kontemporen li yo, La Monte Young, Terry Riley ak Steve Reich, li se youn nan pyonye yo ak youn nan reprezantan ki pi enpòtan nan mizik minimalist, espesyalman lekol repètitif la, ak nan mizik klasik Etazini.
Si premye travay li yo (jiska 1974) tipikman repetitif ak minimalist, pita yo pral montre yon evolisyon estilistik. Li pral prefere itilize, pou travay ki vin apre yo, eksprèsyon « mizik avèk estrikti repetitif », ki endike ke aspè repetitif la pa domine ankò. Dènye travay li yo lwen anpil de mouvman minimalist la e, kounye a, li menm li dekri tèt li kòm yon konpozitè klasik, ki abitye ak amoni ak kontrepwen, ki etidye Jean-Sébastien Bach, Ludwig van Beethoven ak Franz Schubert.
Li te konpoze zèv pou ansanb, opera, senfoni, konsè, mizik fim ak zèv pou solis.
Philip Glass gen anpil zanmi nan mitan atis, ekriven, mizisyen ak chèf òkès, tankou Richard Serra, Chuck Close, Jean Dupuy, Doris Lessing, Allen Ginsberg, Errol Morris, Bob Wilson, JoAnne Akalaitis, Moondog, John Moran, aktè Bill Treacher ak Peter Dean, Godfrey Reggio, Ravi Shankar, Linda Ronstadt, Paul Simon, David Bowie, Patti Smith, chèf òkès Dennis Russell Davies, ak mizisyen Aphex Twin, ki tout te kolabore avèk li.
Li se konpozitè ki toujou vivan ki gen opera yo ki pi jwe nan mond lan.