Aller au contenu

Pati Repibliken Refòm

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Pati Repibliken Refòm
Fonksyon
Fondasyon : 1910
Disolisyon : 1957 (1967 ekzil)
  • Violet
  • Oryantasyon : Dwa (Refòmis), Nasyonal-pwogresis
    Biyografi

    Pati Repibliken Refòm (fransé : Parti Républicain de la Réforme) se yon ansyen pati politik ayisyen nan 20yèm syèk la. Li te fonde aprè 1910 epi li te an opozisyon ak de gwo fòs istorik epòk la: Pati Liberal ak Pati Nasyonal. Pati a te kont sistèm palmantè a, li te defann yon rejim prezidansyèl pou mete fen nan "lagè" ant pati politik yo ki t ap domine sèn politik la depi 1870. PRR te pran pouvwa plizyè fwa ant 1914 ak 1957.

    Fondasyon

    [modifye | modifye kòd]

    PRR a fonde pandan ane 1910 pa sivil ak politisyen san etikèt, men tou ak kèk ansyen manm Pati Liberal ak Pati Nasyonal. Pami fondatè PRR a, gen Oreste Zamor[1], ki vin premye chèf mouvman an, ansanm ak ansyen minis nasyonal Rosalvo Bobo, ki te trè kritik sou sistèm politik la.

    PRR leve vwa kont divizyon ki genyen ant Nasyonal yo ak Liberal yo epi li se sèl mouvman ki pwopoze yon refòm konplè nan enstitisyon yo pou diminye enfliyans palman an sou lavi politik ak prezidans lan.

    Youn nan pwopozisyon istorik li yo se eleksyon prezidan Repiblik la pa tout pèp la nan yon vòt inivèsèl dirèk, sa ki ta mete fen nan kontwòl palman an, ki te konn eli prezidan an pandan reyinyon Asanble Nasyonal la (Chanm Depite ak Sena).

    Premye eksperyans PRR sou pouvwa a

    [modifye | modifye kòd]

    An fevriye 1914, apre PRR te fè gwo avanse nan eleksyon palmantè yo, pati a rive fè eli lidè li, Oreste Zamor, kòm prezidan Repiblik la, sa ki make yon vire politik istorik. Yon fwa sou pouvwa a, refòmatis PRR yo jwenn tèt yo rapidman fas ak presyon politik etranje.

    Gouvènman ameriken an t ap chèche pran kontwòl ladwann Ayiti pandan administrasyon Zamor la. Sepandan, gouvènman fransè ak alman yo te opoze ak demann Etazini yo[2]. Zamor ak gouvènman li a te refize aksepte plan an sof si Etazini te kreye aparans ke yo te anba presyon militè pou yo fè sa. Finalman, plan sa a pa janm reyalize, epi lagè sivil reprann an Ayiti pandan ete 1914 la. Apre kat mwa konba, Oreste Zamor jwenn tèt li bloke pa opozisyon an epi li bay demisyon li. PRR retounen nan opozisyon kont Pati Nasyonal la.

    An 1915, Zamor, ki te yon opozan fawouch kont prezidan Guillaume Sam, arete pou revòlt epi li egzekite ansanm ak lòt responsab politik yo. Evènman sa a lakòz yon leve kanpe ki jete prezidan an depi landemèn. PRR repran pouvwa a ak Rosalvo Bobo[3], ki mete sou pye yon gouvènman pwovizwa pou ekri yon nouvo konstitisyon. Men, ak envazyon ameriken an, Bobo mete sou kote epi li depòte[4].

    Okòmansman, PRR te wè tankou yon fòmasyon politik ki kont Etazini, sa fè li sibi marginizasyon ak entimidasyon pandan premye faz okipasyon ameriken an, pandan se tan se Pati Liberal ki pran kontwòl gouvènman an.

    Retou sou pouvwa a

    [modifye | modifye kòd]

    An 1927, PRR fè yon gwo retou sou sèn politik la, li rive majoritè nan eleksyon palmantè yo epi li ranpòte eleksyon prezidansyèl 1930 la ak nouvo lidè li, Sténio Vincent. Pandan manda li a, okipasyon ameriken an fini nèt, epi yon nouvo konstitisyon adopte an 1932 pou ranplase sa ki te ekri an 1918 anba enfliyans Etazini. Konstitisyon sa a pral menm ranplase ankò an 1935.

    Malgre konstitisyon an prevwa eleksyon prezidansyèl atravè sifiz inivèsèl dirèk, sistèm vòt endirèk la ap kontinye jiskaske refòm elektoral la fini an 1950. PRR rete sou pouvwa a soti 1930 pou rive 1946, avèk Sténio Vincent epi apre sa Élie Lescot.

    Dènye ane yo

    [modifye | modifye kòd]

    An 1957, Ayiti antre nan yon nouvo kriz politik. Léon Cantave, chèf deta-majò lame a ak manm PRR, asire plizyè fwa enterim prezidans lan. Men, apre François Duvalier pran pouvwa a an 1957 epi mete yon diktati ann aplikasyon, PRR vin entèdi epi fonn nèt. Cantave kontinye kenbe pati a vivan pandan li an egzil an Frans.

    Aprè lanmò Cantave an 1967, PRR disparèt definitivman.

    Chèf pati

    [modifye | modifye kòd]
    Chèf Manda
    Oreste Zamor 1910 - 1915
    Rosalvo Bobo 1915 - 1918
    Sténio Vincent 1918 - 1941
    Élie Lescot 1941 - 1946
    Vély Thébaud 1946 - 1952
    Clovis Kernizan 1952 - 1955
    Léon Cantave 1955 - 1967

    Gade tou

    [modifye | modifye kòd]

    Referans

    [modifye | modifye kòd]

    Lyen deyò

    [modifye | modifye kòd]