Aller au contenu

Pablo Neruda

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Pablo Neruda, non plim Ricardo Eliécer Neftalí Reyes Basoalto, ki fèt 12 jiyè 1904 nan Parral (rejyon Maule) epi ki mouri 23 septanm 1973 nan Santiago, se yon powèt, ekriven, diplomat, politisyen ak entelektyèl Chilyen.

Li konsidere kòm youn nan kat gwo powèt Chilyen ansanm ak Gabriela Mistral, Pablo de Rokha ak Vicente Huidobro e youn nan atis ki te gen plis enfliyans nan syèk li a. Li resevwa Pri Nobel pou literati an 1971. Li te angaje nan Pati Kominis Chili a, kote li te manm komite santral la, li te tou senatè ak anbasadè Chili an Frans.Li mouri douz jou apre koudeta 1973 la, selon vèsyon ofisyèl la se akòz kansè pwostat, men ipotèz yon asasina pa anpisyon nan yon kontèks represyon politik sèvi plis ak plis kòm yon sijè depi 2011 pa gouvènman Chili a ak ekspè yo.