Ozana
Nan lang arameyen an, "Ozana» ( hébreu :הוֹשַׁענָא, hošanna «tanpri sove» (an grèk): ὡσαννά hôsanná )) se yon apèl bay Bondye nan Jidayis ak Krisyanis .
Ozana nan Jidayis
[modifye | modifye kòd]Nan litiji jwif la, Hoshannot se yon sik lapriyè espesifik pou Fèt Tabènak yo (Soukkot), ki te konn fèt nan Tanp Jerizalèm nan, epi jodi a nan sinagòg la. Pandan sis premye jou Soukkot yo, moun yo fè yon defile otou platfòm kote yo li Tora a avèk branch palmis, pye sikomò, mir ak yon sitwon.; yo li sik la nan setyèm jou fèt la, yo rele l pou rezon sa a Hoshanna Rabba (“Gran Hoshanna"), pandan seremoni sa a yo fè menm pwosesyon yo ak branch pye sikomò [1] .
Ozana nan Krisyanis
[modifye | modifye kòd]
Nan Ie syèk la pandan plizyè milenè, Ozana vin tounen yon esklamasyon lajwa ak yon sinonim pou "Byenveni»[2]. Yon egzanp se lè Jezi te antre Jerizalèm nan Dimanch Ramo [3], lè moun yo te pran branch palmis pou akeyi li an di Ozana.
Yo repete Ozana a de fwa nan Lamès Katolik la Nan Sanctus la ki pwoklame sentete Bondye a, epi nan moman sakrifis ekaristik la pral renouvle, kòm yon apèl a mizèrikòd Bondye [4]. Nan Krisyanis Òtodòks la, yo itilize li pandan pwosesyon yo òganize nan Dimanch Ramo [5],[6] youn nan fèt kalandriye gregoryen an.
Nòt ak referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ Cf. le siddour ArtScroll, p. 726.
- ↑ Hosanna, in James Hastings, "A Dictionary of the Bible: Volume II: Part I: Feign - Hyssop", pp. 418-419, USA, 2004, consulté le 15/10/2009
- ↑ Évangile selon Jean 12:13 ; Évangile selon Matthieu 21:9 ; Évangile selon Marc 11:9.n
- ↑ « Hosanna ». Liturgie & Sacrements (in français). Retrieved 2022-08-15.
- ↑ « Hosanna - syrianorthodox ». sites.google.com. Retrieved 2022-08-15.
- ↑ « La Montée vers Pâques ! II. Dimanche des Rameaux « Hosanna au Fils de David ! Béni soit Celui qui vient au nom du Seigneur ! Hosanna au plus haut des Cieux ! » (Matthieu 21, 9) | Actualités ». www.aeof.fr. Retrieved 2022-08-15.