Aller au contenu

Nikolaï Rimski-Korsakov

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Nikolaï Andreïevitch Rimski-Korsakov : Nikolaj Andreevič Rimskij-Korsakov), ki fèt 6 mas 1844 (18 mas nan kalandriye grégoryen) nan Tikhvine e ki mouri 8 jen 1908 (21 jen nan kalandriye grégoryen) nan Lioubensk (ru), se yon konpozitè ris. Li te ansanm ak Tchaïkovski youn nan pi gwo konpozitè ris nan dezyèm mwatye nan 19yèm syèk la. Li te fè pati « Gwoup Senk la » e li te pwofesè mizik, ayometri ak òkestrasyon nan konsèvatwa Saint-Pétersbourg.

Li pi plis li renome epi apresye pou itilizasyon tèm ki sòti nan folklò popilè oswa nan kont tradisyonèl, epi pou talan ekstraòdinè li nan òkestrasyon, sa ki fè li souvan rele « majisyen òkès la ». Li te gen yon enfliyans enpòtan sou pifò konpozitè ris, men tou sou etranje, soti nan fen 19yèm syèk la rive nan kòmansman 20yèm syèk la.