Aller au contenu

Muthoni Likimani

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Muthoni Likimani
Biyografi
Nesans
Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Comté de Muranga (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Nasyonalite
Aktivite
Otè oswa otris literati pou jenès, ekrivenGade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Muthoni Gachanja Likimani, Fèt nan lane 1926, se yon ekrivèn Kenya, ki te pibliye zèv fiksyon ak non-fiksyon, ansanm ak liv pou timoun. Pandan karyè li, li te tou yon prezantatè, aktris, pwofesè ak editè. Li te premye larenn bote peyi Kenya, premye Afrikèn ki te kòmanse yon konpayi relasyon piblik nan Kenya, yon aktivis dwa fanm, ak youn nan premye otè fana nan peyi a.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Muthoni Likimani te fèt (an 1926) e li te grandi nan Kahuhia Mission, Muranga County, Kenya. Li se pitit fi Mariuma Wanjiura ak Reveran Levi GochanJa. Papa l 'te youn nan premye minis Legliz anglikan nan Kenya. Li te premye larenn bote Kenya . Li te anseye nan Kahuhia Teachers' Training College, anvan li te pouswiv etid li nan Grann Bretay ak peyi Izrayel la, epi li te vin angaje l nan radyodifizyon ak relasyon piblik. [1] Li se yon prezantatè nan emisyon [1] . Li te vin tounen youn nan premye pwodiktè fanm nan Kenya Broadcasting Corporation, medya sèvis piblik, k ap travay sou pwogram pou fanm ak timoun , epi tou li te travay pou BBC [2] . Li te fonde Noni's Publicity, yon konpayi relasyon piblik ki fè piblikasyon tou, tankou pwodwi peryodik Women of Kenya [3] .

Li te kòmanse pibliye an 1969, li te vin premye otè fanm nan Kenya , liv pou timoun ak pou granmoun tou. Premye woman li a, They Shall Be Chastised, te pibliye an 1974, ki te swiv pa Kisa yon nonm vle. ? piblye menm ane a. An 1985, li te pral sòti twazyèm liv li ki pal youn nan pi enpòtan yo, Passbook Number F. 47927 : Fanm ak Mau Mau nan Kenya, tit liv sa fè referans a nimewo idantite li pandan revelt Mau Mau a [1] , . Se yon travay fiksyon ki dekri wòl fanm yo jwe ak estrateji yo te adopte nan lavi chak jou yo pandan lit sa a pou libète . Li rann pi klè wòl fanm nan Kenya kont kolonizasyon [1] .

Nan ane 1980 yo, Likimani te vin yon Konseye Vil Nairobi, yon pozisyon li te kenbe jiskaske gouvènman an ranplase konsèy la ak yon Komisyon minisipal. Otobiyografi li, Fighting Without Ceasing, te pibliye an 2005.

An 2007, li te resevwa World YWCA Council Award an rekonesans pou lidèchip devwe li pou angajman li kòm yon aktivis dwa fanm [2] . Nan 2014, li te nonmen Anbasadè Lapè nan Kenya pa Forum Entènasyonal pou Literati ak Kilti Lapè (IFLAC) [4] .

Lavi pèsonèl

[modifye | modifye kòd]

Li marye ak Dr Jason Clement Likimani, ke li te rankontre lè li te yon ofisye medikal nan Lopital Jeneral Distri Fort Hall (Murang'a kounye a). Mari l te mouri an 1989 .

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. 1,0 1,1 1,2 et 1,3 Erè nan sitasyon : Baliz <ref> pa valab ; nou pa bay tèks pou ref yo ki rele 3Nation2013
  2. 2,0 et 2,1 « Life Journeys » (in anglais). 2011.  Unknown parameter |month= ignored (help)
  3. Erè nan sitasyon : Baliz <ref> pa valab ; nou pa bay tèks pou ref yo ki rele 4DictAfricBio2012
  4. Solveig Hansen (2014). « A strong voice from Kenya: Muthoni Likimani appointed IFLAC Peace Ambassador ». IFLAC News (in anglais).  Unknown parameter |month= ignored (help)

Modèl:Portail