Aller au contenu

Luckner Laventure

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Luckner Laventure
Biyografi
Nesans
Nasyonalite
Aktivite
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Luckner Laventure fèt 12 avril 1988 nan Mirebalais. li se yon chantè et antreprenè .

Biografi

[modifye | modifye kòd]

Luckner Laventure fèt 12 avril 1988 nan Mirebalais. Li fè etid primè li nan Lekòl

Nasyonal Sarazin, epi li kontinye etid segondè li nan Lise Guy Malary, Damien.

Ant lane 2005 ak 2012, li te travay pou plizyè konpayi ki baze nan kapital la. Pandan

peryòd sa a, li te okipe plizyè fonksyon, tankou teknisyen mekanik ak chofè kamyon

lou. Li te kolabore ak konpayi tankou DINASA, NATRANS, APN ak Konpayi Ayisyèn

Motè [1].

Karyè Pwofesyonèl.

[modifye | modifye kòd]

Luckner Laventure se fondatè ak chantè prensipal gwoup mizikal Nu Relax, ki te

kreye le 26 desanm 2016 nan Mirebalais, nan Plato Santral. Gwoup la evolye nan

Compas direct epi li aktif sou sèn mizikal ayisyen an depi fondasyon li.

Depi 2016, Luckner Laventure ak Nu Relax fè plizyè prestasyon atravè diferan vil nan

peyi a, tankou Pòtoprens, Hinche, Saut-d’Eau ak Lascahobas. Gwoup la idantifye ak

koulè ble ak woz [2].

An 2022, Nu Relax mete sou mache premye albòm li, Dezòd, ki gen 10 mizik,

entèprete pa Luckner Laventure ak Landie Charles. An 2024, gwoup la pibliye

dezyèm albòm li, LIBERA, ki gen 9 mizik, sou direksyon Frantz Roméo, ak mixaj

Louis Webens Steevens .

Ant 2017 ak 2021, Nu Relax lanse senk méring karnavalesk ak uit videyoklip, tout

reyalize pa Réginal Georges. Nan fòmasyon aktyèl la, Rolls Lainé (Roro) okipe pòs

pèkisyonis [3].

Luckner Laventure kontinye aktivite li nan kad Nu Relax, ak objektif pou pwodui mizik

ki respekte kad pwofesyonèl ak kiltirèl mizik ayisyen an .

  1. « Luckner Laventure : une trajectoire professionnelle dans le Compas ». lenational.org/ (in anglais). 1970-01-01. Retrieved 2026-01-21.
  2. « Ibiza Night Club : une nuit de compas inoubliable avec Nu Relax et Mass Kompa ». lenational.org/ (in anglais). 2025-02-09. Retrieved 2026-01-17.
  3. « Nu Relax : Entre Tradition et Innovation, la Renaissance du Compas Direct ». lenational.org/ (in anglais). 1970-01-01. Retrieved 2026-01-21.