Aller au contenu

Lorrin Thurston

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Lorrin Thurston
Biyografi
Nesans
Lanmò
Gade epi modifye done yo sou Wikidata (ak 72 ane)
OnloulouGade epi modifye done yo sou Wikidata
Tonm
Cimetière d'Oahu (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Nasyonalite
royaume d'Hawaï (en)
EtaziniGade epi modifye done yo sou Wikidata
Fòmasyon
Université Columbia (en)
Columbia Law School (en)
Punahou School (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Jounalis, personnalité du monde des affaires, éditeur ou éditrice, PolitisyenGade epi modifye done yo sou Wikidata
Papa
Asa Goodale Thurston (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Manman
Sarah Andrews (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Conjoint
Margaret Clarissa Shipman (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Enfant
Margaret Twigg-Smith (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj
siyati Lorrin Thurston
Siyati

Lorrin Thurston, Lorrin A. Thurston oubyen Lorrin Andrews Thurston ( 31 jiyè 1858 11 me 1931 ) te yon biznismann, lejislatè, politisyen, ak yon pèsonalire enfliyan nan Awayi.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]
Komisyon Aneksyon nan lane 1893 avèk Lorrin Thurston (chita nan mitan).
Lorrin Thurston (kanpe nan mitan an) dèyè Thomas Jaggar (nan mitan an k ap kenbe zouti a) sou tèt Kīlauea an 1917.
Lorrin Thurston an 1916.

Li te antre nan politikHawaii te toujou yon wayòm endepandan. Soti Jiyè 1887 rive Jen 1890, li te sèvi kòm Minis Enteryè sou Wa Kalākaua. Enfliyanse pa edikasyon li te resevwa nan men misyonè yo, li te opoze monachi ki te egziste a epi li te patisipe nan koudeta ki te ranvèse Rèn Liliʻuokalani epi etabli Repiblik la an 1893. Avèk aneksyon achipèl la kòm yon teritwa ameriken an 1898, li te pran retrèt nan politik epi li te antre nan biznis. Li te achte Pacific Commercial Advertiser, jounal predesesè Honolulu Star-Advertiser jodi a, li te devlope kiltivasyon kann ak anana, epi li te achte plizyè biznis, sa ki te pèmèt li ogmante fòtin pèsonèl li. Ansanm ak aktivite biznis li yo, li te enterese nan volkanoloji, li te senpatize ak premye volkanològ yo tankou Thomas Jaggar, li te finanse Obsèvatwa Volkan Awayi a ki te etabli an 1912, epi li te patisipe nan kreyasyon Pak Nasyonal Volkan Awayi a, ki te etabli an 1916. Pandan vizit li yo nan Kīlauea, li te dekouvri epi eksplore Tib Lava Thurston an, ki pote non li kounye a.

Referans

[modifye | modifye kòd]

    Lyen ekstèn

    [modifye | modifye kòd]

    Sou lòt pwojè yo :