Aller au contenu

Leonard Bernstein

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Leonard Bernstein, ki te fèt anba non Louis Bernstein, le 25 out 1918 nan Lawrence, Massachusetts (Etazini) e ki mouri le 14 oktòb 1990 nan New York, se te yon konpozitè, dirijan òkès ak pyanis Ameriken.

Enfliyanse pa travay konpozitè oksidantal tankou Piotr Ilitch Tchaïkovski ak Gustav Mahler, li tou li konnen pou tandem atistik li fòme ak dansè ak koregraf Jerome Robbins ni nan teyat ni nan sinema. Ansanm, yo travay espesyalman sou balè Fancy Free an 1944 ak sou mizik West Side Story an 1957 ki vin popilè gras ak adaptasyon sinema li yo an 1961 ak 2021. Li te pandan onz ane direktè Òkès Filarmonik New York la.