Lang franse

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche
Lang franse sou Latè
Afrik ki pale franse

Lang franse se yon lang ki vin tounen ansanm ak kreyòl lang ofisyèl Ayiti depi lane 1987. Se lang natif-natal tout moun ki fèt e ki elve nan Frans (Ewòp), Kanada (Amerik dinò), Giyàn franse (Amerik disid) ak nan kèk peyi Afrik.

Lang franse se yon lang womàn. Lang kreyòl ayisyen genyen anpil mo ladann ak sentaks ki soti nan lang franse. Gen anpil mo anndan li tou ki soti nan Afrik.

Istwa[edite | modifye sous]

Istwa ewopeyèn[edite | modifye sous]

Lang franse a se yon lang womàn. Sa vle di, se youn nan lang modèn ki soti nan laten. Moun ki etidye lang yo konn divize istwa lang nan de (2) pati. Premyèman, gen istwa ekstèn oswa chanjman politik, sosyal, teknolojik, ou etnik yo ki te gen yon efè sou lang nan. Dezyèmman, gen istwa entèn oswa chanjman fonolojik e gramatik yo ki te rive nan lang nan pou kont li. Avan Jil Seza te konki peyi a ki rele Frans jodi a, gen moun ki te konn pale lang kelt ki la. Women rele moun yo « Gol yo » (Galli nan laten) e peyi a te rele Gol (Gallia nan laten). Lang kelt moun sa yo te pale te gen enfliyans sou laten ki te pale nan Gol e li bay kèk mo ak ekspresyon ki te antre nan franse ansyen an ki te develope. Se poutèt sa gen kèk mo franse ki gen orijin jèmanik, ki pa soti nan laten an. Pa egzanp : boue « labou », mouton « mouton », changer « chanje » e lòt ankò. Apre twazyèm syèk la, yon seri de tribi jèmanik te vin envayi Ewòp oksidantal e gen kèk nan tribi sa yo ki te vin rete nan Gol, oswa Frans. Youn nan tribi sa yo ki enpòtan pou listwa franse se trib la ki rele Frank yo. Yo te tèlman enpòtan, se nan non tribi sa yo te jwenn non peyi a (Francia/France/Lafrans) ak lang nan (français/franse). E tribi gèmanik sa yo te kontribye mo pou lang franse, tou : garçon « gason », blanc/blanche « blan », haïr « rayi », e lòt ankò. Pi ta nan moyen aj la, lang franse a te resevwa yon pakèt mo nan men lòt lang tankou nòman, nèlande, alman ba, ak angle, tou. Yon powèt italyen ki rele Dante mete lang woman ki te egziste nan epòk li nan twa gwoup konsa : nam alii oc, alii si, alii vero dicunt oil. Sa vle di: Gen moun ki di oc, moun ki di si, e moun ki di oil. Konsa li klasifye lang ok (nan Lafrans disid), lang si (nan Itali, Espay e Pòtigal) ak lang oil (nan lot pati Lafrans). Li klasifye lang sa you selon fason you te geyen pou di « wi ». Franse modèn se lang oil ki te vin ofisyèl. Se mo oil la ki te vin oui « wi » nan franse modèn. Avan ane 1300, sètèn lengwis rele tout lang oil ansanm ansyen franse. Premye tèks ki te ekri nan ansyen franse se Sèman Estrasbou la (Le Serment de Strasbourg) ki te ekri nan lane 842. Poutan, avan ane 1539 yo te toujou konn sèvi ak laten pou bagay ofisyèl tankou gouvènman an ak tribinal la. Apre ane sa a, wa Fransis I te fè L'ordonnace de Villers-Cotterêts (lòdonans vile-koterè) ki pwoklame se franse ki pral lang ofisyèl nan peyi a. Lè franse a pedi deklinezon ki te geyen nan laten vilgè e apre yo fin chwazi youn dyalèk pou li dyalèk ofisyèl, lingis yo rele l mwayen franse. Nan lane 1550, Louis Maigret te ekri premye gramè franse a. An 1634 Cardinal Richelieu te kreye Académie française a. Yo gen pou objèktif prezève lang franse ak kembe li nèt. Pati nan sètyèm syèk rive nan diznèvyèm syèk, akozde Syèk de limyè yo (Siècle des Lumières) ansam avèk lefètke Lafrans te vin yon pisans enpòtan, sa fè ke franse a vin yon lingua franca. Sa vle di li vin yon lang moun itilize pou yo kominike si yo pa soti menm peyi a. Wa Risi yo te konn li ak pale franse. Anpil moun nan lakou wayal pou Katerin II, rey ris te konn pale sèlman franse. Yo te we ris tankou yon lang pou moun pòv. Pati nan 17yèm syèk rive nan 19yèm syèk, tou, Lafrans te fè anpil kolonizasyon. Se poutèt sa jodi a, gen plizyè peyi ki pale franse e gen plizye dyalek. Gen kek moun ki soti Lafrans pou yo al nan Kanada tabli koloni Nouvou Lafrans (Nouvelle-France). Jodi a menm gen kote nan Kanada kote yo pale franse, notaman provens Kebèk. Plizyè peyi ann Afrik ak plizyè zil tou, gen yon popilasyon ki pale franse pou premye oswa dèzyèm lang. Jodi a, gen hinghang sou kesyon de prezèvasyon de franse e lenfliyans anglè, patikilèman nan domèn biznis, syans e kilti popilè. Menm jan ak Académie française a nan Lafrans, gen Office québécois de la langue française a nan Kebèk ki gen pou objektif prezevasyon lang nan. Yo menm, yo konsène avèk franse kebèkwa.

Istwa ayisyèn[edite | modifye sous]

Nan lane 1697, Franse yo ki tap viv Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati lwès Sen Domeng. Se apre Franse vin pran Sen Domeng e vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl parèt : Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Trete : lang kreyòl ayisyen

Premye tèks[edite | modifye sous]

Sèman Estrasbou (Sacramenta Argentariae) 842.

Kèk mo nan sèman Estrasbou

Òtograf[edite | modifye sous]

Edikasyon[edite | modifye sous]

Literati[edite | modifye sous]

Alfabè[edite | modifye sous]

26 lèt.

Tri primaire   - , ; : ! ? . " ( ) [ ] { } §
Tri secondaire
Tri tertiaire   _ ´ ` ˆ ˜ ¨ . . . ' " « »

Suite de la table :

Tri primaire @ * / \ & # % ° + ± ÷ × < = > | $ £ 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9
Tri secondaire
Tri tertiaire

Suite de la table :

Tri primaire a a e b c d e f g
Tri secondaire a à â æ c ç e é è ê ë
Tri tertiaire a A à À â Â æ Æ b B c C ç Ç d D e E é É è È ê Ê ë Ë f F g G

Suite de la table :

Tri primaire h i j k l m n o o e p q r
Tri secondaire i î ï n ñ o ô œ
Tri tertiaire h H i I î Î ï Ï j J k K l L m M n N ñ Ñ o O ô Ô œ Œ p P q Q r R

Suite de la table :

Tri primaire s t u v w x y z
Tri secondaire u ù û ü y ÿ
Tri tertiaire s S t T u U ù Ù û Û ü Ü v V v W x X y Y ÿ Ÿ z Z

Konsòn yo[edite | modifye sous]

20 konsòn ː

bcdfghjklmnpqrstvwxz

Vwayèl yo[edite | modifye sous]

6 aeiouy

Dyakritik yo[edite | modifye sous]

Ofisyèl[edite | modifye sous]

Lòt òtograf[edite | modifye sous]

Lis Swadesh[edite | modifye sous]

Trete[edite | modifye sous]

Referans[edite | modifye sous]

Lyen deyò[edite | modifye sous]