Aller au contenu

Kathia Verdier

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Kathia Verdier
Fonksyon
Ministè (en)
Biyografi
Nesans
Nasyonalite
Fòmasyon
Administration publique générale (d)
Administrasyon piblik
LisansGade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj
Drapo

Kathia Verdier, fèt nan lane 1994 nan Pòtoprens, diplome nan Gouvènans ak Administrasyon Piblik, ak yon espesyalizasyon nan kominikasyon, se Minis Ayisyen k ap viv nan peyi letranje (MHAVE) [1] .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Kathia Verdier te pran fonksyon kòm Minis nan dat 19 novanm 2024 [1] devan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la, ki te prezide pa Lesly Voltaire, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak lòt wo grade nan Ministè a [2] . Nan diskou li a, Minis Verdier mete aksan sou enpòtans dyaspora ayisyen an nan rekonstriksyon peyi a [3] . Kathia Verdier te rankontre ak Anbasadè Etazini Ayiti an, Dennis Bruce Hankins, sa ki te pèmèt li diskite sou kondisyon Ayisyen k ap viv nan peyi Etazini epi ranfòse kolaborasyon nan mitan de enstitisyon yo [4] . Li te rankontre ak anbasadè Meksiken an e li angaje l pou l defann dwa Ayisyen k ap viv nan peyi letranje epi travay ak plizyè patnè pou asire pwoteksyon ak entegrasyon yo [5] . Li akonpaye tou depòte ayisyen yo[1] .

Pakou akademik

[modifye | modifye kòd]

Kathia Verdier te fè etid primè ak segondè li nan Nouveau Collège Bird epi College Marie Anne. Li te kontinye etid li nan gouvènans ak administrasyon piblik, pandan l ap espesyalize l nan kominikasyon. Li te kontinye fòmasyon l nan zafè jesyon ONG, finans ak komès entènasyonal. Anplis de sa, li te kòmanse etidye kontablite, byenke l pa t fini l [6] .

Kathia Verdier te angaje l nan domèn gouvènans, kominikasyon ak administrasyon [6] .

Pakou pwofesyonèl

[modifye | modifye kòd]

Kathia Verdier gen 14 lane eksperyans nan administrasyon ak jesyon operasyon [7] .

• Depi avril 2021 : Direktè operasyon nan sant kretyen pou Lavi Piblik / Vision Foundation for Haiti and the World (VIHAMO).

• 2019-2021 : Direktè Operasyon Family Cash, yon antrepriz nan zafè sèvis finansye ki opere nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

• 2018-2019 : Direktè Administratif nan International Sea Food (ISF), ki espesyalize l nan ekspòtasyon pwodwi lapèch.

• 2016-2018 : Responsab Operasyon nan Fondasyon Eric Jean Baptiste.

• 2015-2016 : Asistan Administratif nan FAST & amp; BEST SERVICES S.A.

• 2011-2015 : Asistan Administratif nan DEKA GROUP, kote li te bay sipò ki esansyèl nan lojistik ak distribisyon nan mak tankou Bongu, Actimed ak Apollo Motors.

• 2010-2011 : Asistan administratif nan Lopital St-Luc (Petits Frères et Sœurs).

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. 1 2 3 « Kathia Verdier : une vision unificatrice pour rapprocher la diaspora et Haïti ». NETALKOLE MEDIA (in français). 2024-11-20. Retrieved 2025-02-13.
  2. « Kathia Verdier : une vision unificatrice pour rapprocher la diaspora et Haïti ». NETALKOLE MEDIA (in français). 2024-11-20. Retrieved 2025-02-19.
  3. Toussaint, Jenny (2024-11-20). « La Ministre Kathia Verdier prône le « renforcement des liens entre Haïti et la diaspora » ». Hebdo24 (in français). Retrieved 2025-02-19.
  4. Jean, Anderson (2025-01-17). « Kathia Verdier dévoile de nouvelles perspectives pour la diaspora haïtienne ». Vant Bèf Info (VBI) (in français). Retrieved 2025-02-17.
  5. Chery, Jacky (2025-02-12). « Migration haïtienne : Kathia Verdier renforce la coopération avec le Mexique - alaminute.info » (in français). Retrieved 2025-02-17.
  6. 1 2 « Kathia Verdier: une femme de leadership au service du développement et de l’action sociale ». lenational.org/ (in anglais). 2015-09-23. Retrieved 2025-02-17.
  7. « La Ministre Kathia Verdier, une jeune technicienne au brillant parcours ». hci-ht.com (in anglais). Retrieved 2025-02-17.

Modèl:Portail