Johann Pachelbel
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Johann Pachelbel se yon konpozitè ak òganis Alman nan peryòd barok la, li te batize 1ye septanm 1653 nan Nuremberg (ki te ansyenman yon vil lib nan Anpi a) e li mouri nan menm vil la 3 mas 1706.
Li plis byen konnen nan piblik la pou popilè Canon ak gigue li nan re majè pou twa vyolon ak bas kontinyèl, ki souvan limite sèlman nan Canon Pachelbel la.
Papa li te yon machann diven. Li fè etid mizik nan Altdorf ak Ratisbonne, epi li vin elèv Johann Kaspar Kerll. Li okipe siksesivman pòs òganis ak pwofesè nan Otrichi ak nan plizyè vil nan Almay santral ak sid:
nan katedral Saint-Étienne nan Vyèn (Stefansdom) (1673);
nan Eisenach (1677), kote li vin zanmi ak fanmi Bach; li anseye Johann Christoph, frè a pi gran Johann Sebastian;
nan Erfurt (1678);
nan Stuttgart (1690);
nan Gotha (1692);
nan legliz Saint-Sébald nan Nuremberg an 1695, kote li rete jouk nan fen lavi li.