Aller au contenu

Jean Rony baucicault

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Jean Rony Beaucicault se yon jèn gradye nan dwa. Li te kòmanse karyè li an 2002 nan Radio Voix des Travailleurs kote li te okipe pòs prezantatè. Nan mwa me 2004, li te rantre nan sal nouvèl Radio Nasyonal la kòm jounalis-repòte. Nan menm ane a, li te monte soti nan pozisyon repòte pou ale kòm rédactè.

Kounye a, Jean Rony anime yon emisyon kote li fè kòmantè sou evènman enpòtan ki nan nouvèl entènasyonal la. Li patisipe nan pwogram Master nan Jounalis, ak objektif pou rafine konesans li nan domèn jounalis.

Jean Rony anseye tou etik ak lwa sou laprès nan Enstitisyon Siperyè Kominikasyon ak Lang Franse (ISCOF). Jean Rony Beaucicault swete angaje nan lit pou respè lwa sou laprès nan Ayiti.