Jean Racine
| Nesans |
Fète-Milon, Pikadi |
|---|---|
| Lanmò |
(ak 59 ane) Pari |
| Nasyonalite | Fransè |
| Peyi nesans | Lafrans |
| Aktivite prensipal | |
| Fòmasyon | |
| Asandan | |
| Konjwen |
Catherine de Romanet |
| Desandan |
| Lang ekriti | Fransè |
|---|---|
| Mouvman | Klasik |
| Jan | |
| Adjektif derive | Rasinyen |
Zèv prensipal
Compléments
Batize 22 desanm 1639
Jean Racine[1], te fèt 22 desanm 1639 nan Fète-Milon e li mouri 21 avril 1699 nan Pari. Li se yon dramatij, powèt fransè[2].
Li sòti nan yon fanmi notab nan Fète-Milon e te ofelen depi nan timoun li. Racine te resevwa yon edikasyon literè e relijyen ra bò kote « Solitaires » nan Pò-Wayal yo. Trè jèn li antreprann fè yon karyè nan domèn literati, kote li privilejye pwezi ak teyat trajik. E detounen de chemen relijye an. Siksè Alexandre le Grand an 1665 te ba li yon bèl repitasyon e li te pèmèt li gen soutyen jèn wa epòk lan Louis XIV. Andromaque ki sòti nan lane 1667, te ouvè yon deseni kreyasyon san parèy, aprè li l te sòti yon komedi inik (Les Plaideurs, 1668). Reprezante pa sèt (7) trajedi ki konsakre pa istografi de zèv li gen pi remakab yo. Nou ka site Britannicus (1669), Bérénice (1670), Bajazet (1672), Mithridate (1673), Iphigénie (1674) et Phèdre (1677). Tristès ki dekoule de pyès teyat sa yo e ki detache avèk ewotis baròk lan fè yo konnen li plis e menm divize piblik fransè an, kote yon pati ap defann trajedi kònelyen an. Siksè blayi sou li, deba kritik yo, ak wa kap apiye li plis favè lakou Madam Montespan pèmèt li grandi plis sou plan sosyal ak ekonomik. Nan lane 1672 li antre nan Akademi fransè[3] an. De lane aprè yo atribiye li tit nòblès lan palaswit li abandone pwezi an 1677 pou vini istoryografi wa a. Li te youn nan koutizan ki pi pwòch Wa-Solèy. Li pral kite travay istoryen li an ke sou demand Madam Maintenon, kote pral ekri de (2) trajedi biblik pou jèn fi Sen-Si yo : Esther (1689) et Athalie (1691). Ak tou pou ekri an kachèt yon liv titre Abrégé de l'histoire de Port-Royal ke yo te jwenn e pibliye aprè lanmò li. Pil travay ke li te konsakre prèske 20 dènye ane li yo, tankou istwa Louis XVI disparèt nan yon dife ki te pran nan kay siksesè li an Valincour.[4]
Zèv[5] Racine yo make gwo akonplisman nan trajedi klasik lan e tou nan amoni. Ekonomi langaj, rigè konstriksyon li yo (sitiyasyon kriz ki mennen dènye faz li), metriz li genyen de metrik alesandren an ak pwofondè analiz psikolojik yo leve rekey tèks Racine yo nan ran modèl klasik. Pa respè strik de inite tan, kote ak aksyon, Racine refize primote an, danzite ak ewotis de aksyon pwòp a trajedi Pierre Corneille yo, kote li souvan opoze de li. Li prefere yon entrig pi rafine (Pafwa ki ekstrèm, an patikilye tèks Bérénice lan) ak entansite psikolojik lan. Detache de ton glwa ak moral teyat nan kòmansman XVIIe syèk lan.
Racine soumèt vèti politik lan ak rezon Leta, de valè ki chè a Corneille, anba kontenjans pansyon yo. Santiman sa a detwi pèsonaj pwisan yo (wa, anperè, prensès) ki ap tante goumen anven kont li. Yo pèdi sans devwa yo jouska bon lanj yo oswa mouri. Nan pasyon kote lanmou prime, li se rasin trajedi rasinyen an e li se enstriman desten an. Lanmou rasinyen swiv yon òd jeneral de estrikti triyang entèdi an, li enezorab epi kriyèl pou chak pati yo. Fondman trajedi sa a dekoule de konfwontasyon demezire de derezon pasyon yo ak imilite limit egzistans moun[6]. De plis tèks Racine yo tire fòs yo de pè ak pitye (de (2) emosyon fondamantal teyat antik lan); kritik yo souvan estime ke dramatij lan chèche asosye predestinasyon jansenis lan ak fantoum antik la. Menm kritik sa yo konsakre li kòm youn nan pi gran ekriven fransè, e tou youn nan triyo dramatij majè yo konnen bò kote Corneille ak Molière, nan peryòd klasik Lafrans. Jodi an li konte pami otè yo plis jwe nan Comédie-Française ak lakay li. E li figire tou pami pi gran referans literati inivèsèl lan[7].
- ↑ « Jean Racine » (in français). 2025-10-21.
- ↑ « Jean Racine, poète et dramaturge classique » (in français). Retrieved 2025-10-27.
- ↑ « Jean RACINE | Académie française ». Retrieved 2025-10-27.
- ↑ « Jean Racine » (in français). 2025-10-21.
- ↑ « Jean Racine, poète et dramaturge classique » (in français). Retrieved 2025-10-27.
- ↑ « Le théâtre de Racine » (in français). Retrieved 2025-10-27.
- ↑ « Biographie de Jean Racine - Musée Jean Racine ». Retrieved 2025-10-27.