Aller au contenu

Jean-Loup Hubert

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Jean-Loup Hubert
Jean-Loup Hubert en 2020
Biyografi
Nesans
Gade epi modifye done yo sou Wikidata (76 ane)
NantGade epi modifye done yo sou Wikidata
Nasyonalite
Aktivite
Reyalizatè, senarisGade epi modifye done yo sou Wikidata
Pitit
Antoine Hubert (d)
Julien Hubert (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Jean-Loup Hubert se yon senaris ak reyalizatè franse, ki fèt nan dat 4 oktòb 1949 nan Nantes nan Loire-Atlantique. Li se papa Antoine Hubert, Julien Hubert, Pauline Hubert ak Basile Hubert.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Jean-Loup Hubert te fèt nan mwa oktòb 1949 nan Nantes, nan Loire-Atlantique . Li te grandi nan Trentemoult jouktan li te gen 8 an .

Nan ane 1981, li prezante premye fim long li ki gen pou tit a , Ane k ap vini an... si tout bagay mache byen, (nan lang franse: L'année prochaine... si tout va bien), yon fim li te ekri ansanm avèk Josiane Balasko ak Gérard Zingg epi yo te reyalize li nan mwa janvye nan menm ane a nan Finistère ak Pari [1]. Nan fim sa a, se aktè Isabelle Adjani ak Thierry Lhermitte ki te jwe wòl prensipal yo. Dapre analiz Jacques Siclier, reyalizatè a « pran plezi nan montre ranvèsman sitiyasyon ekonomik ak sosyal yo : fanm nan biwo, gason an lakay, ak ipokirizi nan libète seksyèl la ki kraze anba fòs lanmou ak jalouzi. Li pase "matcho" yo nan rizib men li sanble pran pozisyon pou yon feminis modere, yon nouvo balans ant sèks yo ki, finalman chanje fason koup marye tradisyonèl la fonksyone"» .

Nan mitan ane 1980 yo, li te koumanse travay sou pwochen fim li a, ki te gen pou tit Sanguine, men li te deside abandone pwojè a kenz (15) jou anvan yo te koumanse tounaj la. Apre desepsyone sa a, li izole tèt li nan yon kay nan zòn andeyò kote li te pase anfans li. Li retounen Rouans, nan Loire-Atlantique, kote li te konn pase vakans. Pandan li t ap sonje tan anfans li, li kòmanse ekri senaryo fim ki pral pote tit Le grand chemin[2].

An 1987, li te prezante twazyèm fim li, Le Grand Chemin. Yo te fè tounaj la nan Rouans pandan sezon lete 1986 la [2], avèk patisipasyon aktè Anémone, Richard Bohringer, Antoine Hubert (pitit gason Jean-Loup Hubert), ak Vanessa Guedj. Nan ane 1988, fim sa a te resevwa nominasyon pou pi bon Fim, pi bon reyalizatè, ak pi bon senaryo nan seremoni Pri César yo.

Nan ane 2014, la Majistra vil Nantes, Johanna Rolland remèt li meday vil la pou rekonèt kontribisyon li nan sinema fransè a.

Filmografi

[modifye | modifye kòd]

Kòm rejisè

[modifye | modifye kòd]

Fim long

[modifye | modifye kòd]

Fim kout

[modifye | modifye kòd]
  • 1998 : Émotions
  • 1999 : Pulpeuse fiction
  • 2000 : Duel
  • 2010 : Avec de l'amour

Fim long

[modifye | modifye kòd]

Fim kout

[modifye | modifye kòd]
  • 2000: Duel de lui-même

Distenksyon

[modifye | modifye kòd]

Nominasyon

[modifye | modifye kòd]
  • César 1988[3]:
    • Pi bon fim pou Le Grand Chemin
    • Pi bon reyalizatè pou Jean-Loup Hubert
    • Pi bon senaryo pou Jean-Loup Hubert

Onè. (2014).

[modifye | modifye kòd]
  • Kanaval 2014 : meday Vil Nant

Nòt ak referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « L'année prochaine si tout va bien… ». Ciné-ressources. Retrieved 29 août 2021. Check date values in: |access-date= (help).
  2. 1 2 « Le Grand Chemin… un film qui a marqué toute une génération ». Solutions et tournages. Retrieved 29 août 2021. Check date values in: |access-date= (help).
  3. « Jean-Loup Hubert : Nominations 1988 ». Académie des César. Archived from the original on 2022-01-19. Retrieved 29 août 2021. Check date values in: |access-date= (help).