Aller au contenu

James Harrington

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
James Harrington
James Harrington
Biyografi
Nesans
Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Upton (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Lanmò
Gade epi modifye done yo sou Wikidata (ak 66 ane)
LonnGade epi modifye done yo sou Wikidata
Tonm
Église Sainte-Marguerite de Westminster (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Fòmasyon
Trinity College (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Théoricien ou théoricienne politique, ekriven, sociologue, filozòfGade epi modifye done yo sou Wikidata
Papa
Sir Sapcote Harington (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Manman
Jane Samwell (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Fratri
Elizabeth Harrington (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Conjoint
Dayrell (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

James Harrington, ki fèt 3 janvye 1611 nan Òptonn, yon kontre nan Ritlann, nan Nòwanptonnchayè, (Wayòm Ini) epi ki mouri 11 septanm 1667 ak laj 66 lane nan Wèsmintè, se yon filozòf anglè, kote konsepsyon repibliken li ta pral gen anpil enfliyans sou rejim ki reprezante l kounye a.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

James Harrington soti nan yon fanmi nòb ki soti nan Stuarts yo. Pandan 2 lane li te frekante Trinity College (Oksfòd) san l pa t rive jwenn diplòm li. Manman l mouri nan lane 1969, lè li te gen 8 lane. Papa li menm mouri nan lane 1629. Gras ak eritaj li yo, li vwaje nan Ewòp kontinantal la (Flann, Dànmak, Lafrans, Laswis, Itali) epi tounen an Angletè nan lane 1636. Li te yon zanmi Charles I, avan egzekisyon l, avan li te kòmanse nan travay literè li yo.

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]

Zèv ki pi enpòtan Harrington lan, " La communauté d'Oceana" ki soti nan lane 1656, pandan ti bout tan ki pat gen monachi ki separe ekzekisyon wa Angletè a Charles I (1649) ak restorasyon pitit li a Charles II (1660). Zèv li a dedikase ak Olivier Cromwell (ki te sansire premye vèsyon liv la) epi eseye konble vid enstitisyonèl gras ak modèl repiblik ideyal la.

Harrington, ki pito pale de "commonwealth" olye de "repiblik", vini ak yon teyori repibliken ki karaterize l pa prensip reprezantasyon an , wotasyon chay yo epi yon sistèm ki gen 2 chanm ak seprasyon radikal ant konsèy la ak desizyonè yo. Pandan l pati sou prensip pouvwa politik la repoze l sou pouvwa ekonomik la_ prensip ki vin popilarize l sou fòm yon deviz: pouvwa soti nan moun ki posede_, Harrington gen lide yon separasyon ekilibre tè anglè yo pandan l ap fè yon chanjman règ eritaj yo epi nan lejislasyon agrikòl yo.

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]