Aller au contenu

Ivanka Trump

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Ivana Marie Trump, sinome Ivanka Trump, fèt 30 oktòb 1981 nan Manatann (Nouyòk), se yon fanm zafè, fanm politik ak ansyen mannken ameriken.

Se pitit fi Donald Trump, karannsenkyèm ak karannsizyèm prezidan Etazini, ak premye madanm li, Ivana. Li se vis prezidan depatman " devlopman ak akizisyon" Trump Organization lan.

Lè l te fin pase tout tan l nan kanpay politik papa l pou eleksyon prezidansyèl 2016 yo, li travay nan Mezon-Blanch lan soti 2017 rive 2021, pandan premye manda papa li a.

Orijin ak nesans

[modifye | modifye kòd]

Pitit fi gran nèg ameriken an Donald Trump ak premye madanm li an, Ivana Zelníčkova, Ivanka Trump fèt nan Manatann, nan Eta Nouyòk la, 30 oktòb 1981. paran l yo divòse nan lane 1991, pandan l te gen 9 lane. Li gen 2 frè, Donald Jr. ak Eric, yon demi sè, Tiffany, ak yon demi frè, Barron.

Jared Kushner, mari Ivanka Trump (2018).

Moman etid li yo, li te gen yon relasyon pandan 4 lane ak Greg Hersch, yon bankye envestisman kay Salomon Brothers yo, Bears Stearns ak UBS. Soti 2001 pou rive 2005, li te renmen ak James "Bingo" Gubelmann.

Nan lane 2005, li te renmen ak yon pwomotè imobilye Jared Kushner. Yo ta pral kite nan lane 2008 paske paran Jared yo pa t dakò. Yo ta pral renmen ankò lè Ivanka Trump te konvèti nan jidayis epi yo ta pral marye nan yon seremoni jwiv 25 oktòb 2009. Ivanka Trump ak Jared Kushner gen 3 pitit: yon fi Arabella Rose Kushner ki fèt 17 jiyè 2011, ak 2 gason Joseph Frederick ki fèt 14 oktòb 2013 ak Theodore James ki fèt 27 mas 2016. An janvye 2017, Jared Kushner nome pa Donald Trump Gwo konseye prezidan Etazini an.