Isabelle Debre
| Isabelle Debre | |
| {{{fonksyon1}}} | |
|---|---|
| Biyografi | |
| modifye |
Isabelle Debré, we soley pou premye fwa nan zon nan peyi lafrans ki rele Lisieux(Calvados),premye non li te genyen se te Isabelle Le Poittevin de La Croix-Vaubois nan dat 23 me nan lane 1957.Li te yon politisyen franse .
Manm pati politik Repibliken yo, li te jwe wol visprezidan konsèy depatmantal Hauts-de-Seine soti lane 2015 pou bout nan lane 2021. Li te pase 6 lane kom senatè pou Hauts-de-Seine soti nan lane 2015 pou rive 2021 ak vis-prezidan nan Sena a nan menm zon nan soti nan 2014 a 2017.
Fanmi
[modifye | modifye kòd]Isabelle Marie Bernard Le Poittevin de La Croix-Vaubois fe premye kout rel li yon 23 me nan lane 1957 nan Lisieux,li se pitit lejitim mesye Bernard Le Poittevin de La Croix-Vaubois, yon nom nonm ki te gen metye moun kap fe piblisite ak maketin,manman li te rele Marie-Paule Flichy,ki te yon pwofesyonel nan lasante.(kineziterapet) .
Li te marye pou premye fwa, nan lane 1976 ak yon ansyen elèv nan lekol politeknik ki te rele Claude Balleyguier ki te nan pwomosyon 1971) ,nan maryaj sila yo te fe yon pitit fi .IIsabelle divòse, li marye pou yon lot fwa ak Vincent Debré [1], nan dat 16 fevriye 1989 pitit gason yon nonm ki te rele Michel Debré ki te gen de(2) lot pitit gason ki se : François Debré, Bernard Debré ak Jean-Louis Debré .
Karyè pwofesyonèl
[modifye | modifye kòd]Premye eksperyans li se te pou kont pa li l te fe l nan domen piblisite,sa te dire 10 lane (1977-1987).Pandan 6 lane li ta pral reskonsab yon ajans ki espesyalize li nan piblisite.(1987-1993). .
Karyè politik
[modifye | modifye kòd]Pos politik nan eleksyon
[modifye | modifye kòd]Nan lane 1995, li te eli kòm konseye minisipal nan Vanves nan Hauts-de-Seine, Lè sa a, premye adjwen majistra nan lane 2001 , yon pos li ta pral demisyon ladan l apre l te fin genyen eleksyon eleksyon pou l te antre nan konsèy depatmantal Hauts-de-Seine nan kanton Clamart nan mwa mas lane 2015 .
Li te eli konseye rejyonal pou zile lafrans nan dat 28 mas nan lane 2004, men li ta pal oblije demisyone nan manda sa a nan lide pou l k konfòme li ak lwa sou koze akimilasyon nan manda apre eleksyon li nan chnm sena a nan dat 26 septanm nan lane 2004, kote li te patizan gwoup UMP a. Pandan manda li a nan sena a,li te Vis Prezidan Komite Afè Sosyal Sena a nan lane 2008 ak Vis Prezidan Komite Sena a pou Kontwòl Aplikasyon Lwa nan lane 2011 .
Li te eli Vis-Prezidan Sena a nan lane 2014. Li te kite Sena a nan dat septanm lane 2017, gras ak 14 vòt anvan yo te eli anko. Li pami moun ki te pote pwojè lwa a ki te gen objektif otorize akimilasyon nan alokasyon an solidarite pou granmoun laj avanse ki gen revni pwofesyonèl,yon ti te vote nan Sena a nan dat 31 janvye nan lane 2013 . Nan dat 9 septanm nan lane 2015, li te depoze yon bòdwo ki gen rapò ak finansman depans elektoral yo tou. Nan dat 25 janvye nan lane 2017 plis pase 130 nan kòlèg li yo te siyen lwa li a ki te gen objektif ranfòse pinisyon ak amann kriminèl yo te fè si yo pa bay asistans ak obstak nan nan sa lajistis egzije lè viktim nan gen mwens pase kenz lane.
Nan RPR a Lè sa a, UMP a ak Repibliken yo
[modifye | modifye kòd]Nan RPR a, soti nan lane 1999 pou rive nan lane 2002, Isabelle Debré te sekretè nasyonal, responsab pou aksyon imanitè ak dwa moun,nan estrikti sa a ak manm nan komite egzekitif nasyonal la tou. Soti nanlane 2006 pou rive nan lane 2008, li te sekretè nasyonal, responsab pou relasyon ak gwoup palmantè yo.Nan lane 2008, li te nonmen konseye egzekitif nan UMP la .
Delege nan 10em sikonskripsyon Repibliken Hauts-de-Seine ( Issy-les-Moulineaux, Vanves, Meudon, Boulogne-Billancourt ),li te tou manm komisyon nasyonal envestisman ak biwo politik Repibliken yo jiska 2017.
Reyalizasyon ak lòt manda
[modifye | modifye kòd]Otè yon rapò sou aplikasyon Lwa sou Enfimite nan lane 2005, Isabelle Debré te patisipe nan travay plizyè misyon enfòmasyon sou refòm fòmasyon pwofesyonèl (2007) ak sou batay kont eksklizyon ak lamizè (2008). Li te patisipe nan diskisyon gwoup travay Martin Hirsch, segondè Komisyonè pou Solidarite Aktif kont Povrete, ki te kreye nan kad " Grenelle nan ensèsyon » (2008). Nan dat 18 desanm nan lane 2009 François Fillon, Premye Minis lè sa a, te nonmen l kòm yon palmantè nan misyon pou Michèle Alliot-Marie, Gad Fok, Minis Jistis « pou etabli yon rapò sou minè etranje ki pa gen paran k ap viv sou teritwa fransè a",yo rapo li ta pral prezante nan mwa me lane 2010 .
Li te manm :
- Konsèy Direksyon pou Patisipasyon, Patisipasyon Pwofi, Epay Anplwaye ak Patisipasyon Anplwaye ( COPIESAS ) (ansyen Konsèy Siperyè pou Patisipasyon) (depi 2004) ;
- nan Konsèy Nasyonal pou Entegrasyon atravè Aktivite Ekonomik (depi 2009).
Isabelle Debré te pase kom manm konsèy administrasyon RATP (2009-2014) san bliye Konsèy Konsiltatif Pansyon.
Depi 1992, Isabelle Debré konsakre tan li, kòm volontè,kote li tap travay gratis ti cheri nan batay kont abi sou timoun nan yon asosyasyon ki pote non L'Enfant Bleu-enfance maltraitée.
Pòtpawòl nimewo 1 mouvman politik fransè Le chêne,yon pati politik ki fonde nan mwa oktob lane 2006, ki asosye ak UMP, ki te di se Gaullist, sa vle di yon politik ki jwenn lide sou pwoje ak ajisman politik Charles de Gaulle e ki te gen nan tet li kom prezidan Michèle Alliot-Marie .
Li pote lebra François Fillon pou lansman kanditati prezidansyèl Repibliken nan lane 2016 .
Isabelle Debré te nan tet yon Enstiti Etid Avanse Biznis (IHEE - klas 2007) ak oditè 61 sesyon (sik 2008-2009) Enstiti Etid Avanse Defans Nasyonal (IHEDN).
Asosyasyon
[modifye | modifye kòd]Nan mwa mas 2018 li te pran pos prezidan asosyasyon L'Enfant Bleu enfance maltraitée, yon asosiyasyon li te yon manm aktif depi 1992.
Pou pri literati politik Edgar Faure.Li te jwe wol prizidan.
Li se anbasadè pou asosyasyon an " youn pou tout, tout moun pou otis ".
Dekorasyon oubyen distenksyon
[modifye | modifye kòd]Nan dat 13 jiye nan lane 2019, Isabelle Debré te jwenn lone le li te jwenn nominasyon kom kavalye nan Lòd Nasyonal Rejiyon Onè a ak tou kòm « ansyen vis-prezidan Sena a, ansyen senatè Hauts-de-Seine ;apre 42 lane sèvis » .
Lyen ekstèn oubyen ki so lot kote
[modifye | modifye kòd]
- Resous ki gen rapò ak lavi piblik :
Nòt ak referans yo
[modifye | modifye kòd]- ↑ Erè nan sitasyon : Baliz
<ref>pa valab ; nou pa bay tèks pou ref yo ki releWsW