Irving Berlin
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Irving Berlin, ki te rele Israel Isidore Beilin epi answit Baline, se te yon konpozitè ak parolè Ameriken ki gen orijin jwif Ris, ki fèt 11 me 1888 nan Anpi Ris, swa nan Talatchyn toupre Moguilev nan peyi Byelorisi aktyèl - oswa nan Tioumen nan Larisi aktyèl - epi li mouri 22 septanm 1989 nan New York Ozetazini, nan laj 101 an.
Irving Berlin vin tounen popilè akòz anpil komedi mizikal li te ekri mizik yo, ak akòz siksè entènasyonal White Christmas kote Bing Crosby entèprete li kòm single ki pi vann nan tout istwa mache disk la, epi ak God Bless America, yon chante patriotik ki souvan konsidere kòm hymne nasyonal Ameriken antò.
Berlin fè pati prensipal konpozitè mizik popilè Ameriken, ansanm avèk Cole Porter, Harold Arlen, George Gershwin, Duke Ellington, Richard Rodgers, Jerome Kern, Hoagy Carmichael, Oscar Hammerstein II, Burt Bacharach, Stephen Sondheim, Jule Styne, Jimmy Van Heusen, elatriye. Siksè li te rekonpanse ak anpil pri ak omay nasyonal ak entènasyonal pandan tout karyè li.
Plizyè nan mizik li yo fè pati gwo repètwa chante Ameriken an oswa vin tounen estanda jazz yo.