Gwakanagarik

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Gwakanagarik se te kasik ki tap dirije Wayòm Maryen an sou zile Ayiti anvan lakoloni. Non li nan langaj Tayino vle "pi gran" (an fransè "Ainé") oswa Gran Pwofèt.

Istwa[modifye | modifye kòd]

Lè sa a Kasika a (Wayòm nan) te divize an senk: te gen Maryen, Magwa, Magwa, Zaragwa ak Igwe. Gwakanagarik limenm t ap dirije Maryen an. Maryen an te twouve l nan pati Nòdwès zile a e li te divize an 14 nitaínos.

Se li ki te resevwa Kristòf Kolon avèk bon kè lè li te debake nan wayòm li 22 desanm 1492. Li te pote èd bay Kolon nan moman bato Santa Mariya te fè nofraj toupre Kapayisyen e li te rive menm bay Kolon yon moso tè pou te bati yon fò. Lè kristòf retounen nan Espay, li rive avèk 10 endyen, ki se yon prèv ke li sot fè yon dekouvèt ak anpil lò epi zwazo Wa Ferdinand ak Isabelle te akeyi l epi mete chita sou twòn nan pami grandon yo[1].

Atak espanyòl yo[modifye | modifye kòd]

Gwakanarik te ofri Espanyòl yon teren pou kontwi yon fò ki rele "La Nativite". men espanyòl te pwofite konfyans Gwakanagarik te fè yo pou atake li. Lè wa a te konprann sa li te rasanble 250 000 tayino pou goumen. Men li te pèdi batay la.[2]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. https://www.cairn.info/revue-poesie-2012-4-page-13.htm
  2. (franse) fr Max Jean-Louis (14 fevriye 2021). « Toi Guacanagaric, Cacique du Marien, premier diplomate de la terre d’Ayiti et ami des hommes ». medium.com. Les Oubliés de l'Histoire. Retrieved 3 novanm 2022. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]