Guillaume Dufay
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Guillaume Dufay (oswa Du Fay, Du Fayt), se te yon konpozitè nan lekòl Bourgoignon (ki se pwen depa lekòl franse-flamen) ki fèt an 1397 petèt nan Cambrai oswa Fay toupre Cambrai, oswa nan Beersel — pa twò lwen Bèljik — oswa Chimay, e li mouri 27 novanm 1474 nan Cambrai.
Non li di orijin li, paske se nan bouk nan Bèljik Woma ak nan nò Lafrans yo pale de yon « fayt », sa vle di yon fwaye.
Premyeman fòme kòm « pitit kòr » (timoun kap chante pati wo nan kòr la), Dufay etidye mizik nan mètriz ki atache ak katedral Cambrai, e konsa li chante premye mizik litijik ki nesesè pou sèvis Legliz Katolik la, nan mitan ansanb vokal sa a ki te deja renome (menm jan ak sa yo te genyen nan anpil lòt bilding relijye, an Frans ak an Ewòp). An jeneral, ti gason ki nan mètriz la ak koriz (tout gason ak pwofesyonèl) te konn chante tou mizik ki pa dirèkteman litijik, sitou motet.