Gilbert Bécaud

Gilbert Bécaud, ki te fèt François Gilbert Léopold Silly le 24 oktòb 1927 nan Toulon (Provence) e ki mouri le 18 desanm 2001 nan Boulogne-Billancourt, se te yon chantè, konpozitè ak pyanyis franse.
Pandan karyè li, li te monte sou sèn Olympia trant-twa fwa, kote li te jwenn tinon « Misye 100 000 vòl » akoz sans li pou swing, pasyon li te leve nan foul la ak fans li yo ki, souvan, nan kòmansman li, tap kraze chèz ak eksitasyon. Li kite imaj yon nonm enèjik, toujou an mouvman. Kravat li ak pwen, apeprè nèf san chante li yo ak men li sou zòrèy li (yon jès spontan, tankou yon tic), se lòt imaj espesifik ki make lespri moun.
Je reviens te chercher (M ap retounen vin chèche ou), Les marchés de Provence (Mache Provence yo), Nathalie, L'orange (Zoranj lan), Quand il est mort le poète (Lè powèt la te mouri), Désirée, L'important, c'est la rose (Bagay ki enpòtan an se roz la), Le jour où la pluie viendra (Jou a lè lapli a vini), Je t'appartiens (Mwen pou ou) ak Et maintenant (E kounye a) ap konte pami gwo chante atis la.
Karyè entènasyonal li pèmèt li anrejistre chante li yo an angle, alman, italyen ak panyòl. Nan chante l Quand t'es petit dans le Midi (lè w se yon timoun nan sid Frans), li mete kèk mo ann Oksitan provensal ("Lou soulèu le fa canta", solèy la fè m chante).
Plizyè nan konpozisyon li yo popilè aletranje, espesyalman Ozetazini (What Now My Love pou "E kounye a", Let It Be Me pou "Mwen pou ou"…).