Aller au contenu

Georges Wilbert Franck

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Georges Wilbert Franck
Illustration.
Fonksyon
Minis Afè Sosyal ak Travay (MAST)

(1 an, 11 mwa ak 9 jou)
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon
Gouvènman Conille II
Predesesè Odney Pierre Ricot
Biyografi
Non nesans Georges Wilbert Franck
Dat nesans (50 ane)
Lye nesans Sen Jan disid (komin)
Nasyonalite Ayisyen
Diplome nan Université d'État d'Haïti, Rouen

Georges Wilbert Franck
Minis Afè Sosyal ak Travay

Georges Wilbert Franck [1] se yon politisyen ak pwofesè nan inivèsite peyi Ayiti. Li okipe pòs Minis Afè Sosyal ak Travay depi nan dat 12 jen 2024 nan gouvènman Garry Conille an[2] .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Georges Wilbert Franck, ki fèt yon 26 jen 1975 nan Kens, yon ti lokalite nan Ti Rivyè Sen Jan di Sid (Saint-Jean du Sud-fr), se yon edikatè, sendikalis ak politisyen Ayisyen [3] . Li te grandi nan yon fanmi ki te gen yon sèl paran sou siveyans grann li Inélie Alexandre ak manman li Marie Marthe Julien. Karyè akademik li te kòmanse nan de (2) lekòl prive lokal, Géradin Yacinth ak Maryse, anvan li te antre nan Lekòl Nasyonal Ti Rivyè a kote li te jwenn sètifika lekòl primè li nan lane 1990.

Apre li te fin fè twazyèm ane lekòl segondè li nan lise Sen Jandisid la , li te ale nan vil Okay pou l te fini etid klasik li nan Lise Filip Gèrye nan lane 1999. Pandan etid segondè li yo, Georges Wilbert Franck te kòmanse anseye nan lekòl primè ant 1996 ak 1999 nan yon lekòl kretyen nan Simon Site Limyè, aprèsa nan Kolèj Advantis Okay la.

Nan lane 1999, li te kite vil lakay li pou al rete Pòtoprens, li te panse pou yon ti tan pou l te al etidye agwonomi anvan l te ale pito nan lekòl Nòmal Siperyè kote li te etidye lèt modèn. Tan li pase nan inivèsite a te make ak yon gwo patisipasyon nan kominote a, sitou kòm Prezidan Asosyasyon Etidyan Inivèsite Sid yo (AUS) ak sekretè konsèy etidyan ENS la. Ansanm ak etid li yo, li te anseye nan lise Lwi Jozèf Janvye nan komin Kafou[4] .

Soti nan lane 2002 pou rive 2005, Georges Wilbert Franck te fè yon espesyalizasyon nan ansèyman fransè kòm lang etranje (FLE) nan Inivèsite Rouen an Frans, kote li te jwenn yon lisans, yon metriz nan ansèyman FLE ak yon metriz nan difizyon, echanj ak koperasyon kiltirèl entènasyonal. Lè li te retounen an Ayiti nan lane 2006, li te tanmen etid nan syans politik nan Enstiti Nasyonal Administrasyon, Jesyon ak Etid Entènasyonal Avanse (INAGHEI).

Depi nan lane 2006, Georges wilbert Franck te kontribye nan ansèyman Siperyè nan bay sèvis li nan anpil inivèsite nan peyi a tankou inivèsite Valparezo, inivèsite kiskeya (UniQ), inivèsite Pòtoprens (UP) ak inivèsite episkopal Ayiti (UNEPH)

Ekspètiz li nan fòmasyon anseyan ak kad nan edikasyon an fè de li yon pèsonaj kle nan sektè edikatif ayisyen an .

Nan lane 2013, li te rantre nan direksyon depatmantal fòmasyon ak devlopman (DFP) nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), kote li te monte nan pozisyon direktè teknik nan lane 2021. Nan dat 12 jen 2024, Georges Wilbert Franck te kite pòs sa a pou l vin Minis Afè Sosyal ak Travay [5] .

Karyè politik

[modifye | modifye kòd]

Kòm yon sendikalis, Georges Wilbert Franck distenge tèt li atravè plis pase 20 ane aktivis nan defann dwa pou moun jwenn bon jan edikasyon ak demokrasi [6]. Li te kòdonatè jeneral Sendika Nasyonal Pwofesè ak Edikatè Ayiti (UNNOEH) soti nan lane 2009 pou rive nan lane 2021 epi li ap dirije Gwoup Sosyete Sivil la (GSC) depi lane 2020. Li te jwe yon wòl enpòtan nan plizyè negosyasyon sendikal, ki te mennen nan akò enpòtan ant MENFP ak sendika pwofesè yo [7] .

Li se youn nan moun ki te siyen akò 4 avril 2024 la tou, ki te lakòz fòmasyon yon gouvènman tranzisyon ki te Garry Conille [7] kòm Premye minis.

Pozisyon yo pran

[modifye | modifye kòd]

Distenksyon

[modifye | modifye kòd]

Nòt ak referans

[modifye | modifye kòd]