George H. Johnston
George H. Johnston OBE, ki fèt 20 jiyè 1912 nan vil Mèlboun peyi Ostrali epi mouri 22 jiyè 1970, se te yon ekriven ostralyen. Li te konn itlize jwèt non Shane Martin.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Li pase timoun li nan kay fanmi li nan zòn Èlstènwik yon katye tou prè Mèlboun epi etidye litografi. Answit li te travay kòm jounalis nan jounal Mèlboun lan "The Argus". Pandan dezyèm gè mondyal la, li te yon korespondan lagè epi avèk grad sa li te vin gen anpil respè. Nan lane 1951, yo te voye l nan vil Lond antanke korespondan pou Lewòp. Li kanpe sou karyè jounalis li an 1954 epi al rete sou yon zile grèk Idra avèk madanm epi kolaboratris li Charmian Clift. Li ta pra l konsantre sèlman sou ekri. Pandan l te fin gen maladi tibèkiloz, li te retounen viv Sidney nan lane 1964. Yo ta pra l nome l Ofisye Lòd Anpi Britanik lan (OBE) nan lane 1970 pou sèvis li rann literati.
Nan lane 1948, li pibliye woman "À petit feu". Soti 1949 rive 1953, avèk Charmian Clift, li ekri twa woman ladan yo "High Valley" ki ranpòte "The Sydney Morning Herald Literary Competition". Pou de woman mwatye otobiyografik, "My Brother Jack" nan lane 1964 epi "Clean Straw for Nothing" nan lane 1969, li te loreya pandan de fwa pri "Miles Franklin" an. Avèk jwèt non Shane Martin an, li pibliye senk woman polisye.