Aller au contenu

Friedrich von Schiller

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Friedrich (von) Schiller se yon powèt, ekriven ak teyorisyen nan estetik, li fèt 10 novanm 1759 nan Marbach am Neckar e li mouri 9 me 1805 nan Weimar.Li fè pati nan gwo klasik nan lang Alman an. Okòmansman li te vin popilè pou pyès teyat li yo, li se tou otè anpil powèm ak balad ki vin tounen patrimwàn enpòtan nan literati Alman. Nan zèv powetik ak teyat li a, li ajoute esè filozofik ki trete kesyon estetik ak sosyal, espesyalman La Grâce et la Dignité ak Lettres sur l'éducation esthétique de l'homme, ki pral enfliyanse ideyalism menm jan ak romantism Alman. Li pral anseye istwa tou, mete devan lide yon « istwa inivèsèl ». Zanmitay li ak Johann Wolfgang von Goethe, yon lòt figi santral nan kilti Alman, make fòman fen lavi li ak zèv li[1].

  1. « Friedrich Schiller » (in français). 2025-10-11.