Aller au contenu

Eugene O'Neill

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Eugene Gladstone O'Neill, ki fèt 16 oktòb 1888 nan New York e ki mouri 27 novanm 1953 nan Boston, nan Eta Masachusets) se yon powèt ak dramatik Ameriken, ki gen orijin Ilandè-Ameriken.

An 1920, Eugene O'Neill te resevwa pri Pulitzer pou travay teyat li pou pyès li a ki rele "Derrière l'horizon".

Eugene O'Neill te resevwa ankò pri Pulitzer pou travay teyat li an 1922 pou pyès li a ki rele "Anna Christie", an 1928 pou "Strange Interlude" e an 1957 pou "Long Day's Journey into Night" tradui an franse ak tit "Le Long Voyage vers la nuit".

An 1936, Eugene O'Neill te resevwa pri Nobel nan literati.

Eugene O'Neill te entwodwi nan teyat ameriken stil yo rele realizm, li asosye ak lòt dramaturòg tankou Anton Tchekhov, Henrik Ibsen, ak August Strindberg ak ak romanis ameriken tankou Frank Norris, Stephen Crane ak Theodore Reiser.

An jeneral, ekriti li yo gen ladan pèsonaj ki viv nan margin sosyete a, kap lite pou kenbe espwa ak aspirasyon yo, men finalman yo tonbe nan dezilizyon ak dezespwa.

Eugene O'Neill se sèl Ameriken ki pran plas nan mitan gwo dramaturòg 20yèm syèk la.