Aller au contenu

Epaphras Gibbs

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Epaphras Gibbs
Biyografi
Nesans
Gade epi modifye done yo sou Wikidata (24 ane)
KafouGade epi modifye done yo sou Wikidata
Nasyonalite
Fòmasyon
ANDC (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Biyografi

[modifye | modifye kòd]


Epaphras Gibbs se yon jèn lidè ayisyen, ki fèt 9 jen 2001 nan Kafou. Depi byen bonè, li te montre enterè pou kominikasyon, lidèchip ak angajman sivik, sa ki te gide tout chemen fòmasyon li [1][2].

Pandan jenès li, li te fè diferans nan plizyè inisyativ entelektyèl, pami yo yon konkou fab UNESCO ak MINUJUSTH, kote li te mete aksan sou dwa moun ak sekirite piblik. Li te resevwa fòmasyon nan kominikasyon, jounalis ak diplomasi atravè enstitisyon tankou Toastmasters International, Enstiti Franse ann Ayiti ak ANDC[3][4] .

Karye profesyonel

[modifye | modifye kòd]

Epaphras Gibbs ap evolye nan domèn diplomasi ak defans dwa moun. Apre li fin rive Ozetazini atravè pwogram imanitè Parole, li travay kòm konsiltan nan US Institute of Diplomacy and Human Rights (USIDHR), kote li patisipe nan aktivite ki gen rapò ak pwomosyon dwa moun ak diplomasi enklizif [5] .

Li te reprezante Ayiti sou plan entènasyonal kòm Country Representative pou pwogram Best Diplomats. Nan mwa oktòb 2025, li te resevwa distenksyon « Best Negotiator » pandan yon konferans entènasyonal ki te òganize nan New Jersey, Ozetazini, dapre plizyè sous medyatik [6] [7].

  1. Barrau, Émilie; Frenoux, Clément (2010). « Vers l'institutionnalisation d'une délégation communautaire ? ». Revue Tiers Monde 203 (3): 123. ISSN 1293-8882. doi:10.3917/rtm.203.0123.
  2. « À Suffolk County, Epaphras Gibbs interpelle les législateurs : un plaidoyer fort en faveur des immigrants et de la communauté haïtienne ». lenational.org/ (in anglais). 2025-02-12. Retrieved 2026-02-02.
  3. « De Port-au-Prince à New York, Le Parcours Inspirant D’Epaphras Gibbs Vers Best Diplomats | Diplomatie – Hebdo24 » (in français). 2025-09-08. Retrieved 2026-02-02.
  4. Air, Cherubin on the. « Cherubin on the Air » (in anglais). Retrieved 2026-02-02.
  5. Rédaction (2025-09-07). « Diplomatie : Epaphras Gibbs, visage de la jeunesse haïtienne à Best Diplomats ». Vant Bèf Info (VBI) (in anglais). Retrieved 2026-02-02.
  6. VeliPost (2025-09-05). « Haïti brillera au Best Diplomats 2025 grâce au leadership d’Epaphras Gibbs ». VeliPost (in français). Retrieved 2026-02-02.
  7. « De Port-au-Prince à New York, Le Parcours Inspirant D’Epaphras Gibbs Vers Best Diplomats | Diplomatie – Hebdo24 » (in français). 2025-09-08. Retrieved 2026-02-02.