Aller au contenu

Emmanuel Vertilaire

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Emmanuel Vertilaire
Fonksyon
Conseiller-Président au sein du Conseil Présidentiel de Transition (d)
depuis le
Biyografi
Nesans
Nasyonalite
Fòmasyon
Formations spécialisées en sciences juridiques et en magistrature (d)
Université d'État d'HaïtiGade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Lòt enfòmasyon
Pati politik
Pitit Desalin (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj
Blazon

Emmanuel Vertilaire, fèt nan dat 31 jiyè 1969, li se yon avoka, majistra, kriminològ ak politisyen Ayisyen. Li te okipe pozisyon konseye-prezidan nan Konsèy Prezidansyè Tranzisyonl an Ayiti [1] , [2] .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Orijin ak fòmasyon

[modifye | modifye kòd]

Emmanuel Vertillaire Li fèt nan komin La Victoire, ki sitiye nan depatman Nò a. Li te fè etid primè li nan lokalite natif natal li anvan li te kontinye etid segondè li nan lise Dumarsais Estimé nan komin Hinche. Etid inivèsitè li yo te kòmanse nan Fakilte Dwa, syans ekonomi ak Jesyon Kap-Ayisyen (FDSEG), kote li te fè yon Lisans an Dwa nan ane 2004 [3] .

Nan objektif pou li elaji epi apwofondi konpetans pwofesyonèl li nan domèn dwa, li pouswiv plizyè fòmasyon espesyalize nan syans jiridik ak nan majistra. Nan lane 2022, li jwenn yon Diplòm Etid Siperyè Espesyalize (DESS) nan syans jiridik, opsyon kriminoloji lit kont koripsyon, nan Enstiti Syans, Teknoloji ak Etid Avanse Ayiti (ISTEAH) [4] .

Karyè pwofesyonèl

[modifye | modifye kòd]

Nan mwa janvye 2021, li pa renouvle kòm jij chita ak jij enstriksyon nan Tribinal Premye Enstans Kap Ayisyen, dapre desizyon prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, ansanm ak Minis Jistis la, Rockefeller Vincent[5].

An paralèl ak karyè jidisyè li, Emmanuel Vertilaire angaje li nan ansèyman siperyè. Depi lane 2022, li se pwofesè Entwodiksyon nan Dwa nan Inivèsite Piblik Nò a nan Kap-Ayisyen (UPNCH). Anplis, depi 2020, li ap anseye kou sou chemen rekou ak chemen ekzekisyon nan Fakilte Dwa Inivèsite Anténor Firmin nan Kap-Ayisyen. Li anseye tou pwosedi egzekisyon sivil nan Fakilte Dwa, Syans Ekonomik ak Jesyon Kap-Ayisyen (FDSEG) depi 2009[6].

Karyè politik

[modifye | modifye kòd]

Premye manda yo

[modifye | modifye kòd]

Nan ane 1997, li te manm Asanble Minisipal vil La Victoire, apre sa li te eli kòm sekretè-trezorye nan Asanble Depatmantal Nò a[7]. Nan ane 2005, li te prezante kandidati li pou Sena Repiblik la pou depatman Nò a[6].

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon

[modifye | modifye kòd]

Nan ane 2024, yo nonmen li konseye-prezidan nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Repiblik Ayiti a, kote li reprezante pati politik Pitit Dessalines[8], [9]. Emmanuel Vertilaire te depoze deklarasyon patrimwàn li nan grèf Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan, an konfòmite ak lwa ayisyen sou transparans nan jesyon byen piblik[10], [11], [12], [13].

Kòm manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) [14], li resevwa responsablite pou refòm sistèm jistis la[15]. Nan kad fonksyon sa a, li te ankouraje kreyasyon senk tribinal premye enstans, ansanm ak enstalasyon yon Komisyon Verite, Jistis ak Reparasyon, ki gen misyon pou mennen ankèt sou krim ak masak ki te fèt nan peyi a , [16] ant 2018 ak 2024.

Akizasyon koripsyon

[modifye | modifye kòd]

Nan mwa oktòb 2024, Inite Lit Kont Koripsyon (ILKK) te pibliye yon rapò ki site non Emmanuel Vertilaire, ansanm ak lòt manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, kòm moun ki ta eseye retire san milyon goud nan men Raoul Pascal Pierre-Louis nan objektif pou renouvle manda li kòm prezidan Konsèy Administrasyon Bank Nasyonal Kredi (BNK)[17] . Ògàn lan te rekòmande pou yo mete yo anba akizasyon fòmèl[18], [19], [20], [21], [22] [23], [24], [25]. Anplis, plizyè gwoupman nan sosyete sivil la te mande retrè li nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. [26] .

Vertilaire konsidere akizasyon sa yo kòm deklarasyon ki pa gen fondman, epi li estime yo fèt ak entansyon pou sal repitasyon li[27]. Anplis de sa, li deklare rapò a ta reflete yon konfli enterè ki ta enplike direktè jeneral ULCC a, Hans Jacques Ludwig Joseph, ansanm ak avoka Raoul Pierre-Louis la [28] .

Anplis sa, li envoke iminite prezidansyèl li, ki ta soti nan estati li kòm manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, yon enstitisyon ki asire entèrim prezidansyèl la. Dapre pozisyon li, li estime jij enstriksyon an pa gen konpetans legal pou poze zak enstriksyon kont li. Se poutèt sa, li te sezi Kou dApèl Pòtoprens pou mande anile pwosedi a [29], [30], [31]. Nan dat 19 fevriye 2025, Kou dApèl Pòtoprens, an fonksyon iminite prezidansyèl Emmanuel Vertilaire, te deklare manda konparisyon ki te lanse kont li a kòm inoperan. Sepandan, manda a ap vin rekipere valè legal li yon fwa fonksyon prezidansyèl Vertilaire yo rive nan fen yo[32].

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. VINCENT, Marc-Donald (2024-03-21). « CP : Juge Emmanuel Vertilaire, le meilleur choix pour le Conseil Présidentiel d'Haïti ». Le Scientifique (in français). Retrieved 2025-01-30.
  2. « Dirigeant : Vertilaire Emmanuel - Election Politique Citoyen ». www.election-politique.com. Archived from the original on 2025-02-25. Retrieved 2025-01-30.
  3. « Archives des Emmanuel Vertilaire ». Le Scientifique (in français). 2024-03-20. Retrieved 2025-01-30.
  4. « Emmanuel Vertilaire ». IMDb (in français). Retrieved 2025-01-30.
  5. SAINT-VIL, Quetony (2021-01-30). « Cap-Haïtien/Justice : Le juge instructeur Emmanuel Vertilaire est désormais éjecté du système judiciaire haïtien ». MIROIRINFO (in français). Retrieved 2025-01-30.
  6. 1 2 « Emmanuel Vertilaire ». La Presidence (in français). Retrieved 2025-01-30.
  7. Radiographie (2025-01-22). « Opinion■ Emmanuel Vertilaire présenté comme un modèle de leader ». Radio graphie (in français). Retrieved 2025-01-30.
  8. Rédaction, La (2024-03-21). « Emmanuel Vertilaire nommé représentant du parti Pitit Dessalines au Conseil Présidentiel ». Haitinews2000 | Haiti News - Nouvelle Haiti - Haiti Actualités Politiques (in anglais). Retrieved 2025-01-30.
  9. « Rencontre entre le Conseiller-Président Emmanuel Vertilaire et le Représentant du PNUD en Haïti ». Impulse Web Medias (in anglais). 2024-07-19. Retrieved 2025-01-30.
  10. TFE (2024-07-25). « Emmanuel Vertilaire, représentant de Pitit Dessalines au CPT, fait sa déclaration de patrimoine » (in français). Retrieved 2025-01-30.
  11. « Un Conseiller Présidentiel donne le Ton ». UNI fm 102.7 (in français). 2024-07-25. Retrieved 2025-01-30.
  12. « Le Conseiller présidentiel Emmanuel Vertilaire effectue sa déclaration de patrimoine ». lenational.org/ (in anglais). 2015-09-23. Retrieved 2025-01-30.
  13. Alparète, Lenz Beth Ferlyn (2024-07-25). « Finalement après plus de trois mois en poste, le Conseil Présidentiel Emmanuel Vertilaire a fait la déclaration de son patrimoine ». www.juno7.ht (in français). Retrieved 2025-01-30.
  14. Joseph, Samuel (2024-07-01). « Haïti : Participation du Conseiller-Présidentiel Emmanuel VERTILAIRE à la fête patronale de Limbé ». Le P'tit Journal Haiti (in français). Retrieved 2025-01-30.
  15. Haiti, Radio Le Témoin (2024-05-24). « Répartition des chantiers par le CP ». Le Témoin (in français). Retrieved 2025-01-30.
  16. « Haiti - Politic : International Day of Children Victims of Violence, speech by Emmanuel Vertilaire (CPT - Video) - HaitiLibre.com : Haiti news 7/7 ». HaitiLibre.com. Retrieved 2025-01-30.
  17. Flécher, Jose (2024-07-30). « Haiti’s anti-corruption unit opens investigation into bribery allegations involving three CPT members ». The Haitian Times (in anglais). Retrieved 2025-01-30.
  18. « Top Haiti officials guilty of corruption, anti-graft agency says ». France 24 (in anglais). 2024-10-03. Retrieved 2025-01-30.
  19. « En Haïti, trois membres du conseil de transition accusés de corruption ». France 24 (in français). 2024-10-03. Retrieved 2025-01-30.
  20. « Corruption at the TPC: Emmanuel Vertilaire embezzled several million gourdes for the benefit of Pitit Desalin | The Canada-Haiti Information Project ». canada-haiti.ca. Retrieved 2025-01-30.
  21. « Haïti : La justice face à un scandale de corruption impliquant des conseillers présidentiels ». Zantray news (in français). Retrieved 2025-01-30.
  22. « Haïti-Politique-Corruption : Le Conseiller-Président Emmanuel Vertilaire impliqué dans un nouveau scandale ». Impulse Web Medias (in anglais). 2024-11-23. Retrieved 2025-01-30.
  23. « Investigators in Haiti accuse three members of transitional presidential council of corruption ». AP News (in anglais). 2024-10-02. Retrieved 2025-01-30.
  24. « Emmanuel Vertilaire Archives ». AyiboPost (in français). 2024-10-04. Retrieved 2025-01-30.
  25. « Emmanuel Vertilaire Archives ». The Haitian Times (in anglais). 2024-10-15. Retrieved 2025-01-30.
  26. « Haïti-Corruption : Des regroupements politiques exigent des mesures conservatoires contre trois conseillers présidentiels ». www.alterpresse.org (in anglais). Retrieved 2025-01-30.
  27. Jean, Jeff L. (2024-10-09). « Le camp du conseiller président Emmanuel Vertilaire rejette le rapport de l'ULCC » (in français). Retrieved 2025-01-30.
  28. Jean, Anderson (2024-10-08). « Affaire BNC : l’avocat d’Emmanuel Vertilaire dénonce un conflit d’intérêt et défend l’innocence de son client ». Vant Bèf Info (VBI) (in français). Retrieved 2025-01-30.
  29. Rédaction, La (2024-12-04). « “Emmanuel Vertilaire fait appel pour contester la légalité de son inculpation dans le scandale des 100 millions de gourdes de la BNC”… ». RHINEWS (in anglais). Retrieved 2025-01-30.
  30. « Haïti-Justice Corruption : accusé et convoqué, Emmanuel Vertilaire conteste la compétence du juge d’instruction. - Le tout au pluriel Magazine ». letoutauplurielmag.com (in français). 2024-12-03. Retrieved 2025-01-30.
  31. « Actualité à la une du 5 décembre 2024: Le conseiller-président Emmanuel Vertilaire, a exercé un recours par devant la Cour d’appel de Port-au-Prince contre la décision du juge d’instruction Benjamin Félismé de décerner un mandat de comparution à son encontre – Telepluriel Haïti » (in anglais). Retrieved 2025-01-30.
  32. « La Cour d’appel n’a pas annulé le mandat de comparution des 3 conseillers présidentiels, selon Me Samuel Madistin ». lenational.org/. Retrieved 7 mars 2025. Check date values in: |access-date= (help).