Emile Daeschner
| Ambassadeur de France en Turquie (d) | |
|---|---|
| - | |
Albert Sarraut (en) Charles de Chambrun (en) | |
| Ambassadeur de France aux États-Unis (d) | |
| - | |
Jean Jules Jusserand (en) Henry Bérenger (en) |
| Nesans | |
|---|---|
| Lanmò | |
| Non nan lang matènèl |
Émile Daeschner |
| Nasyonalite | |
| Aktivite |
| Distenksyon |
|---|
Émile(Nosky-Georges-Henri–Emile) Daeschner, fèt nan lane 1863 yon 3 janvye nan dizyèm awondismam Paris,epi mouri yon 13 desamb nan lane 1928 nan sèzyèm awondismam Paris.sete yon Diplomat Fransè.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Pitit Ludwig Daeschner(komèsan,ki te fèt nan Karlsruhe nan lane 1828,e ki te mouri nan Paris nan lane 1878)AK Louise Caroline de fernex(ki te fèt Nyons,nan peyi laswis,nan lane 1830,enki te mouri nan Paris nan lane 1891)te gradye nan dwa epi li te yon etidyan nan lekòl lib syans politik(École Libres des sciences politiques). nan lane1887, apre li te fin pase egzamen konpetitif pou karyè diplomatik ak konsilè a, li te vin atache nan depatman politik nan biwo Minis Afè Etranjè a.
Soti nan lane1888 rive nan lane1897, li te okipe plizyè pozisyon nan biwo minis la epi apre sa, nan lane1898, li te nonmen 2 sekretè nan anbasad Lond lan. Li te marye ak Henriette Krug (nan lane1876 pou rive lane1929), pitit fi Paul Krug (1842-1910) ak Caroline Harlé (1846-1915), avèk ki moun li te gen kat timoun.
Soti nan lane1905 rive nan lane 1906, li te chèf kabinè ak chèf kabinè Prezidan Konsèy la, Minis Afè Etranjè yo.'nan mwa fevriye nan lane 1906, li te yon manm misyon franse a nan antèman Wa Denmark, Christian IX. De lane 1906 rive nan lane 1908, li te youn apre lòt Premye Sekretè Anbasad Fransè a nan Madrid epi answit nan Anbasad Fransè a nan Lond.
Nan lane 1909,li te nome minis plénipotentiaire.Nan lane 1912 li te chèf kabinè,Raymond Poincaré, Prezidan Konsèy la ak Minis Afè Etranjè. Apati lane1913 li te minis plénipotentiaire premye klas nan Lizbòn Pòtigal(Portugal) epi answit nan Bukarès nan lane 1920.Nan lane 1924 rive nan lane 1925,li te anbasadè peyi lafrans nan Washington nan Etazini nan Amerik,soti nan lane 1926 rive nan lane 1928.li te anbasadè fransè nan peyi Turquie.
Distenksyon
[modifye | modifye kòd]- Grand-croix de la Légion d’honneur (1928)[Referans nesesè]
- Grand Croix de l'Ordre de l'Etoile de Roumanie
- Membre d'honneur New York State Society of the Cincinnati (1925)