Eleksyon prezidansyèl ayisyèn an 1911
| Eleksyon prezidansyèl ayisyèn an 1911 | |
| Fonksyon | |
|---|---|
48.64 % 54 vòt 46.84 % 52 vòt | |
| Biyografi | |
| Eleksyon avan : 1908 Pwochen eleksyon : 1912 |
|
| modifye |
Eleksyon prezidansyèl ayisyèn 7 out 1911, lan te fèt apre demisyon prezidan Antoine Simon[1], ki te soti nan Pati Liberal, 2 out 1911. Evènman sa a rive nan yon kontèks enstabilite politik kote te gen gwo tansyon ant de prensipal pati politik peyi a : Pati Nasyonal ak Pati Liberal.
Prezidan Repiblik la eli nan yon vòt endirèk, kote yon kolèj palmantè ki gen 39 senatè ak 72 depite chwazi li pou yon manda sèt ane.
Konteks istorik
[modifye | modifye kòd]Prezidan Antoine Simon, ki te fè fas ak gwo manifestasyon popilè epi opozisyon Pati Nasyonal la, te oblije bay demisyon li 2 out 1911. Apre demisyon li, se lidè opozisyon an ak chèf Pati Nasyonal la, Cincinnatus Leconte[2], ki te pran pouvwa a kòm prezidan enterimè pandan yo tap tann eleksyon nouvo prezidan an.
Nan moman sa a, eleksyon prezidansyèl ann Ayiti te fèt atravè yon vòt endirèk : se depite ak senatè yo ki te chwazi prezidan an nan Asanble Nasyonal la.
Rezilta eleksyon an
[modifye | modifye kòd]Malgre majorite palmantè yo te soti nan Pati Liberal la, Cincinnatus Leconte te rive eli prezidan grasa abstansyon plizyè palmantè. Estrateji sa a te pèmèt li evite yon gwo opozisyon epi fasilite viktwa li fas ak prensipal advèsè li a, Louis-Auguste Boisrond-Canal, ki t ap kandida Pati Liberal la.
| Kandida | Pati politik | Vòt | % | |
|---|---|---|---|---|
| Cincinnatus Leconte | Nasyonal | 54 | 48,64 | |
| Louis-Auguste Boisrond-Canal | Liberal | 52 | 46,84 | |
| Abtansyon | 5 | 4,50 | ||
| Total | 111 | 100 | ||
Konsekans yo
[modifye | modifye kòd]Eleksyon Cincinnatus Leconte la make retou Pati Nasyonal la sou pouvwa a[3]. Malgre manda li te komanse ak espwa, li te rapidman konfwonte ak tansyon politik ki te toujou prezan. Gouvènman li an te fini trajikman 8 out 1912, lè li te mouri nan yon eksplozyon nan Palè Nasyonal la[4].
Eleksyon sa a montre divizyon politik pwofon ki te genyen ann Ayiti nan komansman 20yèm syèk la ak fragilite enstitisyon yo fas ak kriz ki tap repete yo.
Referans
[modifye | modifye kòd]- Konstitisyon ayisyen 1908.
- Achiv Palman Ayisyèn.
- ↑ TANIS, Pierre Emmanuella (2021-08-02). « 2 Août 1911: démission d’Antoine Simon - Juno7 » (in français). Retrieved 2025-03-11.
- ↑ TANIS, Pierre Emmanuella (2020-07-24). « 24 juillet 1911. Cincinnatus Leconte s’autoproclame “chef de la révolution”. - Juno7 » (in français). Retrieved 2025-03-11.
- ↑ juno7 (2018-08-15). « 15 août 1911: Le Général Cincinnatus leconte devint président d’Haïti à la faveur d’un vote de l’Assemblée Nationale - Juno7 » (in français). Retrieved 2025-03-11.
- ↑ « Ville du Cap Haïtien - Cincinnatus Leconte et Reine Joséphine Laroche (Charles Dupuy) ». Retrieved 2025-03-11.