Aller au contenu

Dug G

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Jean-Hubert Valcourt
Alias
Dug G
Nesans (43 ane)
Pòdpè
Nasyonalite Ayisyen
Peyi nesans Ayiti
Peyi rezidans Nouyòk
Aktivite prensipal
Rapè, reyalizatè atistik, antreprenè
Lòt aktivite
Pwopriyetè : PIWO Records

Dug G, ki gen vrè non Jean-Hubert Valcourt, fèt 10 septanm 1982 nan vil Pòdpè. Li se yon rapè, fotograf ak animatè radyo Ayisyen. Li se youn nan pyonye mouvman rap kreyòl la an Ayiti[1].

Biyografi

Anfans li

Dug G te fèt nan Pòdpè, Ayiti. Li se pi gran nan senk timoun, pitit Duguay Michel Valcourt ak Margarette Eugene. Li te fè etid primè li kay Frè Enstriksyon Kretyen Sen Jozèf nan vil kote l te fèt la. Aprè sa, li te ale nan Kolèj Notre Dame de Lourdes pou etid segondè li.[2]

Kòmansman

Mizik, sitou hip-hop, te byen vit vin yon gwo pati nan lavi Dug G depi li te tou piti. Anfèt, li te nan setyèm ane, premye ane lekòl segondè, lè, pandan eleksyon prezidansyèl lekòl li a, yo te vin rekonèt li pou talan rap li. Pèfòmans sa a, te fè l jwenn yon plas nan gwoup Cosmic Rap Boys la, ke li te oblije kite byen vit akòz egzijans manman l ki pa t vle kite pitit gason l lan vin yon rapè. Sepandan, yon ti tan aprè, Dug G, ansanm ak Lova Man ak Young MC, te fonde premye gwoup mizikal li nan vil Pòdpè: Lova Man And His Crew. Akòz depa de lòt manm yo pou Etazini, avanti a pa t kontinye. Pi devan, Dug G te eseye ankò, li te fonde yon nouvo gwoup: Osmoz, ak twa zanmi. Men, avanti sa a ta pral kanpe ankò lè Dug G te oblije kite vil kote l te fèt la pou l ale Pòtoprens pou pouswiv etid inivèsitè li.

Siksè Konfime

Nan Pòtoprens, li te kòmanse fè konnen l atravè lèzond sou radyo Radyo planèt Krèyòl, kote li te anime emisyon Rap'Rocher a. Pou ankouraje rap plis an Ayiti, li menm ak lòt zanmi, tankou Pikan, te fonde RockFam Records Entertainment. Sa ki ta pral bay nesans pi devan ak RockFam Lame a. Dug G te youn nan manm ki pi popilè nan gwoup sa a, avèk li ,li te rive sòti twa albòm ("Saw pa ka konprann," "Yon lòt vizyon," "Pa gen pase n"), senk mereng kanaval, epi li te jwe nan plizyè konsè ak festival an Ayiti ak aletranje. Depi 2009, li te kite gwoup la pou l pouswiv yon karyè solo. Li jistifye desizyon l pou l kite gwoup la lè l di: "RockFam gen règ ki prive atis yo de libète kreyatif pèsonèl ak antrepriz likratif. « Kenbe m si w kapab, se premye albòm solo li ki te sòti 26 desanm 2010. Dezan apre, an 2012, li te retounen ak Men vibe la, yon nouvo albòm ki gen 17 mòso mizik ki fèt an kolaborasyon avèk 17 pwodiktè ak yon pakèt atis ki soti nan diferan tandans mizikal.

Biznisman

Depi li te kite gwoup RockFam nan, li te kreye pwòp labèl mizik li an 2010: "Piwo Records," ki gen yon katalòg plen kou legba . Pa egzanp, "Piwo Records" deja pwodui plizyè albòm, tankou: albòm Dailand Crew la, premye albòm DRZ la, premye albòm Zomò a; san bliye twa mixtape pa Dug G yo, de mixtape pa Blaz Z, ak premye albòm Tonimix la. Anplis de sa, "Piwo Records" te kolabore ak lòt konpayi pwodiksyon entènasyonal tankou Melody Makers, ki se pwopriyete Jeff Wainwright, yon Ayisyen-Ameriken.

Diskografi

Rockfam Lame

2007: Saw pa ka konprann

2008: Yon lot vizyon

2009: Pa gen pase’n

Solo

2010: Kenbe m si w kapab (DugMatiste Vol.1)

2012: Men Vibe la (Mixtape)

2014: 2.0 Reloaded (Mixtape)

2014: Bon komisyon (DugMatiste Vol.2)

2016: Remixtape a (Mixtape)

2017: “Anmè Kou Fye’l” Featuring Izolan.

Piwo Records & Mafya Republiq

2015: Plis Motivasyon

2018: Ak fos

2022: PIWO Records Beat Of Vol. 1

2022: Piwo Records Dekad

2022: Bo$$ Mouvman

Referans

https://la1ere.franceinfo.fr/guadeloupe/rappeur-haitien-dug-g-est-akazakoustik-827566.html

https://www.last.fm/fr/music/Dug.G+TheRqst/+wiki