Aller au contenu

Diskisyon Modèl:Bon atik/Istwa

Le contenu de la page n’est pas pris en charge dans d’autres langues.
Ajoute yon sijè
Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Dènye kòmantè : il y a 24 jours pa Fedji Officiel nan sijè TOUT LAVI'M KI KRAZE

TOUT LAVI'M KI KRAZE

[modifye kòd]

Mwen leve chak maten ak kè lou. Manman m mouri twò bonè, li kite m ak de ti frè m sou do mwen. Se mwen ki vin papa, se mwen ki vin manman. Se mwen k ap chèche lajan pou peye lekòl, pou achte diri, pou peye lwaye. Gen jou mwen pa menm manje pou yo ka manje.

Lavi pa fasil ditou. Mwen rete nan yon katye kote gang ap tire, moun ap mouri, timoun pa ka al lekòl nòmalman. Chak swa mwen poze tèt mwen menm kestyon an:

“Eske gen vrèman yon avni pou mwen?”

Gen lè mwen santi m fatige, mwen anvi lage tout bagay. Men lè m gade de ti frè m yo ap dòmi, mwen di tèt mwen: si mwen tonbe, yo tonbe tou.

Mwen pa gen anpil moun pou ede m, men mwen gen rèv. Rèv pou m soti nan mizè, pou m vin yon moun, pou m pwouve ke menm nan Ayiti, menm nan fènwa, yon moun ka leve kanpe.

Mwen pa mande richès. Mwen mande yon chans. Yon sèl chans pou m travay, pou m aprann, pou m viv san pè bal. Fedji Officiel (diskisyon) 22 janvye 2026 à 01:27 (UTC)Reponn