Aller au contenu

Demografi Ayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Modèl:Infobox Démographie

Atik sa a gen ladann estatistik sou demografi Ayiti .

Evolisyon popilasyon an

[modifye | modifye kòd]

Nan ane 1790, koloni an te gen apeprè 500 000 abitan, ladan yo 38 360 moun ki te soti Ewòp ak 28 370 moun lib ki te gen koulè, pi fò ladan yo te milat.

Soti nan ane 1789 pou rive 1806 pandan soulèvman esklav yo ak lagè endepandans lan, anviwon 20 000 refijye franse ki te soti Sen Domeng te pran direksyon Amerik. Anvan li te retabli esklavaj la, Jan Jak Desalin (an fransè: Jean-Jacques Dessalines) te bay lòd pou yo masakre dènye kolon franse yo, sa ki te reprezante apeprè 5,000 moun.

Nan ane 1880 yo, popilasyon an te konte anviwon 570 000 abitan.

Dapre estimasyon ki te fèt nan ane 2015 [1], popilasyon Ayiti a te rive nan 10 911 819 moun, e anviwon 52% ladan yo te rete nan zòn iben [2]. Majorite popilasyon an se moun ki pratike kretyen [3]. Ayiti se peyi ki gen plis moun nan Karayib la, devan Kiba. Li te reprann tèt klasman sa a nan ane 2020, plis pase de (2) syèk apre li te pèdi pozisyon sa a an favè Kiba pandan premye deseni diznevyèm syèk la. apre revolisyon Ayisyen an ak lagè endepandans lan[4].

Evolisyon demografik

Natalite

[modifye | modifye kòd]

Nan ane 2017, to fètilite[5] Ayiti te rive nan 3.0 timoun pou chak fanm.

Evolisyon to fètilite a [6]

[modifye | modifye kòd]
2000 2006 2012 2017
Anviwònman iben 3.3 2.8 2.6 2.1
Anviwònman riral 5.8 5.0 4.4 3.9
Total 4.7 4.0 3.5 3.0

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. IHSI - Statistiques Démographiques et Sociales - estimation 2015
  2. [PDF] Population totale, par sexe et population de 18 ans et plus estimées en 2015, au niveau des différentes unités géographiques sur le site de l’Institut haïtien de statistique et d’informatique (IHSI). p. 21
  3. « Bienvenue sur le site officiel de l'Archidiocèse de Port-au-Prince ». archidiocesedepaup.org. Retrieved 2016-01-22.
  4. www.financialafrik.com, Ilyes Zouari, 25 novembre 2020.
  5. Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique (IHSI). (2018). Statistik demografik Ayiti, 2017. Pòtoprens: IHSI.
  6. en The DHS Program (Enquêtes démographiques et de santé)