Aller au contenu

Dead Prez

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Dead Prez
Labèl

Dead Prez (estilize ann miniskil) se yon duo hip hop ameriken ki konpoze de M-1 ak stic.man, ki te fòme an 1996 nan vil Nouyòk. [1] Yo kon pou stil konfwontasyon yo, ke avèk pawòl ki konsantre sou jistis sosyal militan, otodeterminasyon, ak Pan-Afrikanism . [2] [3] Duo a kenbe yon pozisyon etik kont kontwòl kòporasyon yo sou medya yo, espesyalman konpayi mizik hip hop yo. [4]

Istorik (1993–2000)

[modifye | modifye kòd]

Ann 1993, M-1 te ale Tallahassee, Florid, pou l te ale nan Florida Agricultural and Mechanical University (FAMU) kote l menm ak stic.man t rankontre epi yo t fòme yon relasyon akòz lanmou yo genyen pou mizik ak ideyoloji politik gochis menm jan an. Pandan yo te la, opinyon yo te vin pi solid, M-1 te vin patikilyèman enterese nan Black Panther Party a. [5]

M-1 te rantre nan Mouvman Entènasyonal Demokratik Pèp Uhuru a nan Chicago pandan twa zan, pandan stic.man te rete nan Florid. Boule ak travay di Uhuru a, M-1 ak stic.man te chwazi konsantre sou mizik. Lord Jamar nan Brand Nubian te dekouvri yo nan vil Nouyòk epi li te siyen yon kontra avèk Loud Records . Malgre ke "dead prez" pa t toujou pi gwo priyorite Loud, yo t bati yon baz fanatik akòz pèfòmans egzajere yo (yo konnen pou limen biyè dola e voye pòm nan piblik la, deklare ke yo dwe manje an sante). [5]

Yo te kòmanse patisipe nan mizik pou fim epi kolabore sou albòm ki te jwenn anpil siksè. Premye mizik yo te anrejistre, “The Game of Life (Score)”, te parèt sou band fim Soul in the Hole an 1997. An 1998, yo te parèt ak chante “DOPE (Drugs Oppress People Everyday)” nan fim Slam. Menm ane a, yo te kontribye nan sketch “The Rain and the Sun”sou albòm Capital Punishment pa Big Pun. Apre sa, an 1999, yo te parèt sou chante “Look Around” pa The Beatnuts, ki sou albòm yo Musical Massacre. [5]

  1. Garcon, Mauvais (2024-09-02). « Dead Prez: The Revolutionary Voices of Hip Hop ». Itch Radio (in anglais). Retrieved 2026-02-17.
  2. Oxford, Dwayne. « Black power and ‘edutainment’: The political roots of hip-hop music ». Al Jazeera (in anglais). Retrieved 2026-02-17.
  3. Gee, Timmhotep Aku,Andre (2024-01-23). « 50 Years Later, Is Hip-Hop Still Radical? ». Rolling Stone (in anglais). Retrieved 2026-02-17.
  4. Aku, Timmhotep (2019-11-01). « dead prez was right about everything ». AFROPUNK (in anglais). Retrieved 2026-02-17.
  5. 1 2 3 « dead prez | Kennedy Center ». The Kennedy Center (in anglais). Archived from the original on 2026-03-08. Retrieved 2026-04-02.