David Estellis
| Nesans | |
|---|---|
| Nasyonalite | |
| Domisil | |
| Fòmasyon |
Collège (d) |
| Aktivite |
Chanteur |
| Enfliyanse pa |
|---|
David Estellis fèt nan dat 11 oktòb 1982 nan Tigwav (Petit-Goâve), yon komin nan peyi Ayiti. Moun konnen li tou sou non David-B, li se yon konpozitè, animatè ak chantè gwoup Steel Groove nan rejyon Pari a [1] .
Biyografi
[modifye | modifye kòd]David Estellis, moun pi byen konnen sou non atistik David-B, se yon chantè, konpozitè ak animatè radyo Ayisyen ki te fèt nan dat 11 oktòb 1982 nan vil Tigwav, yon komin nan peyi Ayiti. Li se chantè prensipal (lead vocal) gwoup Steel Groove, yon fòmasyon mizikal Ayisyen ki baze an Frans[2]. David-B pase tout anfans li nan vil Tigwav, yon pwovens Ayiti ki rekonèt nan istwa kiltirèl peyi a pou dinamis li nan domèn mizik, espesyalman nan kilti twoubadou a, selon aksepsyon ayisyen tèm nan, ansanm ak tradisyon sware mizikal ak kafe literè
Li te ale lekòl segondè nan Kolèj Petit-Goâve. Depi nan jenès li, li entegre gwoup King Size, ansanm ak lòt atis tankou Black Makak ak Black King. Eksperyans sa a make premye etap li nan yon pwosesis pwofesyonalizasyon atistik. Apre sa, li vin chantè prensipal gwoup Pikliz, yon fòmasyon mizikal ki pratike konpa dirèk e ki toujou aktif nan vil Tigwav. Li kontinye trajektwa li lè li entegre gwoup Sinic Mizik, kote li elaji repètwa li epi rafine teknik vokal li ak kapasite entèpretatif li[3].
Nan lane 2010, apre tranblemanntè devastatè ki te frape Ayiti a, chantè a te reyisi imigre an Frans pou pouswiv rèv li [4] .
Istwa
[modifye | modifye kòd]Chantè prensipal gwoup Steel Groove la posede yon talan remakab pou enpwovizasyon. Li idantifye tèt li kòm admiratè Réginald Cangé, men yo souvan konpare David B ak chantè Ayisyen sa a ki konsidere kòm youn nan pi gwo referans nan domèn vokaliz nan mizik ayisyen[5]. Nan dat 9 novanm 2021, Maestro Ritchie te envite li pou patisipe nan yon pèfòmans ak gwoup Klass nan Dock Pullman an Frans. Pandan evènman an, li entèprete ansanm ak Pipo yon siksè istorik gwoup DP Express, ki se yon kreyasyon orijinal Ti Manno. Aktivite sa a te dewoule nan kad yon gwo bal anyèl ki te rasanble plis pase 3 800 moun[5]. Jou sa a, pèfòmans li te resevwa yon akèy favorab, epi nan yon entèval tan relativman kout (apeprè senk minit), li te atire atansyon piblik la gras ak prezans sèn li, kapasite entèpretatif li ak enèji kominikatif li. Reyaksyon piblik la te pwolonje sou sou entènèt la, kote entèvansyon li te vin sijè diskisyon entans sou rezo sosyal yo; li pa t gen anyen pou l wont[3]. .
Karyè chantè a
[modifye | modifye kòd]
David B te kòmanse karyè li kòm yon chantè nan legliz Metodis Tigwav la. Se atravè yon konkou mizikal Duperval Lebrun te òganize nan menm vil la, David B te vin fè premye aparisyon piblik li epi se lè sa tou moun te rekonèt talan li. Pandan konpetisyon sa a, li te entèprete chan « All I Want », yon mizik atis Alan Cavé, yon pèfòmans ki te make yon pwen enpòtan nan konstriksyon idantite atistik li. Touswit apre, li te rantre nan gwoup mizikal King Size, ki ofri yon estil ki gen ladan rap. Apre King Size, David B te rantre nan yon lòt gwoup mizikal...Pikliz.
Chantè David B kontinye vwayaj atistik li. Nan ane 2007, David B te retounen Pòtoprens, kapital Ayiti, sou envitasyon ak sipò Majistra Tigwav la, Jean Limongy, ki te kwè jèn atis la te gen potansyalite pou pote yon touch vokal orijinal nan devlopman kiltirèl komin nan. Se konsa, li te konfye li bay pitit gason l, Ralph Limongy "Roro", manadjè yon gwoup djaz yo rele "Safe Misik" pou yon kolaborasyon avèk pwodiktè mizikal li yo.
Avèk fòmasyon Safe Mizik, David B te patisipe menm ane a nan evènman mizikal “Mizik an Foli” ki te dewoule nan Pak Istorik Kann a Sik, yon aktivite kiltirèl Unibank te òganize. Pèfòmans sa a te konstitye premye validasyon pwofesyonèl li kòm chantè sou yon gwo sèn nasyonal. Se te yon siksè pou li [6] . Apre yon bèl eksperyans avèk "Safe Mizik" Chantè a te rantre nan Bossa Combo epi touswit apre, Sinik Mizik, yon gwoup mizikal nan Pòdpè, te aksepte l.
Nan lane 2010, apre tranblemanntè devastatè ki te frape Ayiti a, chantè a te marye ak yon sitwayèn fransèz epi li te imigre an Frans. Kèk ane apre, David B te rantre nan gwoup mizikal Stell Groove nan rejyon Parizyèn nan. Anplis konpa, David-B devlope yon karyè mizikal kòm yon atis solo, tankou yon stil reggae angaje ki mete aksan sou dimansyon sosyal ak konsyans. . Konpozisyon orijinal li « Pouki » reprezante youn nan ekspresyon plis otantik talan li kòm chantè-konpozitè[7] ."
Diskografi
[modifye | modifye kòd]- SINIK MIZIK - CHIMEN PYEJE
- Domec Brusly
- Lanmou mwen (rainur asye)
- Pa gen dout (Steel Groove)
- Mèsi (Rayur Asye)
- Se Ou m'Vle (Rayur Asye)
- King Size Kanaval 2015 Yon Ti Nouvel
- Lajistis
- chay la lou
- David By DP Express Feat KLASS ak David B Live @ Dock Pullman Pari 9 Novanm 2019
- INCROYAB - Steel Groove pa Dj+® ketm-evenement.fr
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « DAVID ESTELLIS DIT DAVID B LA NOUVELLE STAR DU COMPAS ». Safety Promo (in français). 2021-07-19. Archived from the original on 2023-01-06. Retrieved 2023-01-06.
- ↑ Enfo, TripFoumi (2022-11-14). « David B Avoue être Le Père D'une Fillette De 10 Ans Et Promet De S'occuper D'elle » (in français). Retrieved 2023-01-08.
- 1 2 admin (2020-04-15). « DAVID B LA NOUVELLE STAR DU COMPAS - THE TALENT IN YOU » (in français). Retrieved 2023-01-06.
- ↑ « David B, l’homme-feu ». lenational.org/ (in anglais). Retrieved 2023-01-07.
- 1 2 Sylvain, Wilder (2022-04-10). « Davib B annonce son nouveau morceau sous peu » (in français). Retrieved 2023-01-07.
- ↑ « Musique en folie dévoile un programme ambitieux ». Le Nouvelliste (in anglais). Retrieved 2023-01-11.
- ↑ « DAVID ESTELLIS DIT DAVID B LA NOUVELLE STAR DU COMPAS ». Safety Promo (in français). 2021-07-19. Archived from the original on 2023-01-06. Retrieved 2023-01-08.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- « INCROYAB - Steel Groove by Dj+® ketm-evenement.fr » (vidéo). YouTube (in allemand). Retrieved 31-12-2023. Check date values in:
|access-date=(help) - « David By DP Express Feat KLASS and David B Live @ Dock Pullman Paris 9 Novembre 2019 » (vidéo). YouTube (in allemand). Retrieved 31-12-2023. Check date values in:
|access-date=(help) - « Klass feat. david b - haiti (live) @lyon, france on june 24th, 2022 » (vidéo). YouTube (in allemand). Retrieved 31-12-2023. Check date values in:
|access-date=(help) - « King Size Kanaval 2015 Yon Ti Nouvel » (vidéo). YouTube (in allemand). Retrieved 31-12-2023. Check date values in:
|access-date=(help)Modèl:Portail