Aller au contenu

Danys Baez

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Danys Baez Gonzalez fèt 10 septanm 1977 nan Pinar del Rio ( Kiba). Se yon jwè bezbòl kiben ki te jwe nan Lig Mayò Bezbol depi 2001. Kounye a, li se yon ajan lib.

Kòm karyè Jwè entènasyonal kiben sa a te pwofite patisipasyon li nan Je Panameriken yo nan Kanada an 1999 poul sove kite kiba. Ekip Cleveland Indians lan te siyen ak li 5 novanm 1999. Apre li fin fè yon bon sezon nan lig Triple-A ak ekip Buffaldo Bisons, Baez te rele pou jwe nan Lig Mayò an 2001. Li te fè premye match li 13 me 2001.

An 2002, li vin tounen yon jwè prensipal e li pran plas kòm Stoppeur nan fen sezon an. An 2003, Baez te jwe nan wòl relèv ak stoppeur, li fè 25 match sove pandan sezon sa a.

Apre sezon 2003, li vin ajan lib epi li siyen ak ekip Devil Rays de Tampa Bay, kote li kontinye jwe kòm Stoppeur.