Danièle Magloire
Apparence
Danièle Magloire se yon sosyolog epi defansè dwa moun ayisyen.
Li se konfondatè òganizasyon feminis Kay Fanm epi kowodonatris Collectif Contre l'impunité[1], yon òganizasyon k ap chèche mennen ansyen prezidan Jean-Claude Duvalier ak akolit li devan lajistis.
Li te yon manm aktif Conseil des sages[2] gouvènman tranzisyon a te fòme apre depa Jean-Bertrand Aristide an 2004. Li te dirije tou branch ayisyen ONG kanadyen an Droits et démocratie[3] jiskaske gouvènman premye minis kanadyen Stephen Harper koupe finansman òganizasyon an.
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « La relation privilégiée entre Danielle Magloire et l’UQO ». Retrieved 2025-10-14.
- ↑ « Danielle Magloire et Christian Rousseau démissionnent » (in français). Retrieved 2025-10-14.
- ↑ « DM – FOKAL ImajiNASYON » (in anglais). Retrieved 2025-10-14.