André Pasquet
| Nesans |
19 dawou1953 Pòtoprens |
|---|---|
| Lanmò | 22 novanm 2025 (72ane) |
| Nasyonalite | Ayisyen |
| Peyi nesans | Ayiti |
André Pasquet, ki gen pou non sèn Dadou,fèt 19 dawou 1953 nan Pòtoprens (Ayiti), se yon mizisyen ayisyen.[1]
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Li te fèt an Ayiti an 1953, e l se dènye a nan sèt pitit fanmi li. Dadou Pasquet te kite peyi a an 1968 pou l te vin rete ak fanmi li nan Nouyòk. Li te grandi nan milye mizikal, kote li te gen tonton li Dòdòf Legros[2] kòm mòdèl, ki te yon chantè ak konpozitè .
Li kòmanse jwe mizik lè li te gen nèf (9) ane avèk kouzen li, Pierre Prato epi avèk yon lòt mizisyen ayisyen. Depi nan kòmansman adolesans li, li te kite mak li nan dyaspora Ayisyèn nan. Lè l gen 12 zan, li jwe tou avèk : twonpetis Raymond Sicot, mayestwo Raoul Guillaume. Li te kapab jwe prèske nenpòt ritm tankou : salsa, djaz, funk, blues, reggae,se s ak fè albòm li oswa mizik tankou : Chercher la vie, Evolution, Cosmique, Albòm li yo ka pwouve sa a. A laj 13 zan, li te deja ap jwe ak mizisyen Ayisyen ki pase prezantasyon, epi a 15 zan nan lane 1970, li te vin gitaris pou Tabou Combo[3]. Nan mwa jen 1976, li te kite gwoup la pou l te fonde Magnum Band, kote li te rete la, etanke gitaris ak chantè jiska lanmò li. Li chante tou Ne me quitte pas de Jacques Brel sou albòm li Live at Berkeley
Li te fòme nan Staten Island Community College e anba sipèvizyon gitaris Alix "Tit" Pascal. Dadou Pasquet te enfliyanse pa gwo gwoup mizik Amerik di Nò nan epòk la tankou: —Chicago, Tower of Power, Earth, Wind & Fire—ki te make siyati mizikal li nan: aranjman konplèks, groove pwisan, ak sesyon enstrimantal ki long.
An 1996, li patisipe nan festival des Jeux Olympiques avèk gwoup Magnum Band.
Kèk odyans ayisyen, souvan konsidere l kòm "twò jazz" men, mizik Magnum Band la kanmenm te genyen yon bon repitasyon aletranje. Li te kontribye pandan plizyè dizèn ane nan pataje yon imaj egzijan ak inovatè de mizik Ayisyèn nan.
Aprè li te fin viv Ozetazini pandan plizyè ane, pandan l te kenbe sitwayènte Ayisyèn li, Dadou Pasquet te fè pwomosyon kilti Ayisyèn nan tout kote li te jwe. Li se yon gwo figi nan milye mizikal ayisyen. Malerezman, nan lannuit 22 novanm 2025 lan[4], fanmi li anonse nouvèl lanmò l ak piblik la, kote l t ap soufwi anba maladi k te anpeche l kapab jwe sou sèn.
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Pasquet, André (edit) ». Haitian Music Achieve (in anglais). Retrieved 2025-04-01.
- ↑ Vital, Tcheïta (2022-03-21). « Dodof Legros, un géant de la musique haïtienne ». Haiti Inter (in français). Retrieved 2025-11-24.
- ↑ « Tabou Combo » (in français). 2025-07-30.
- ↑ « Le guitariste Haïtien Dadou Pasquet est décédé » (in français). Retrieved 2025-11-24.