Aller au contenu

Daana Sthernith Eldimé

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Daana Sthernith Eldimé, fèt nan dat 3 desanm 1993 nan vil Tigwav, se yon aktivis feminis ayisyen. Li te genyen premye twofe li nan MOLICAJ ki rele "Jeu d'Étoiles" nan lane 2009.

Li te loreyat konkou pou antre nan de (2) fakilte dwa nan lane 2014. Li te resevwa Prim Lidèchip Fanm 2020 pou angajman li.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Karyè akademik

[modifye | modifye kòd]

Daana Sthernith Eldimé fè etid primè ak segondè li yo nan lekòl Notre-Dame-de-la-Sagesse nan vil Tigwav.

Li se yon doub gayan nasyonal nan konkou antre nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik ak nan Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv nan Inivèsite Leta Ayiti[1]. An reyalite, li te etidye syans jiridik ak filozofi nan Lekòl Nòmal Siperyè nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA).

Apre etid inivèsitè li yo, li te swiv anpil kou aprantisaj a distans nan Inivèsite Laval (Kèbek) nan jesyon responsab nan lane 2021[2] .

Lavi asosyativ

[modifye | modifye kòd]

Li te rive nonmen kòm Kòdonatris Jeneral nan yon òganizasyon jèn ki rele Mouvman Literè Kiltirèl ak Atistik Jèn [3], nan dat 23 jen 2019[4].

Depi 2009, l ap dirije yon twoup teyat nan vil Tigwav. «Pwodiksyon atizay ayisyen an», ki gen misyon pou ede jèn yo konprann enpòtans atizay nan devlopman sosyokiltirèl ak entelektyèl yo[5].

Li kontinye ankouraje jèn ki nan menm jenerasyon ak li yo pou yo pran plizyè inisyativ[6] . Li te ko-direktè Confin'école.

Li se ko-inisyatè premye edisyon Festi Souloukwa.

Li se Direktris Jesyon Finansye nan Marathon du Livre.

Li egzekite pwojè "Jaden Lakou" ak lòt asosyasyon li fè pati yo.

Aktivis feminis

[modifye | modifye kòd]

Li se yon jiris epi filozòf. Li fè kanpay pou pwoteksyon ak respè dwa fanm ayisyèn yo. Li fè pati òganizasyon dwa moun Kowòdinasyon Fanm Angaje pou Koperasyon ak Devlopman Ayiti.

Li responsab kominikasyon nan fondasyon Steve Gustave ki defann dwa prizonye yo jan Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun[7] mande sa.

Prezans sou sèn

[modifye | modifye kòd]

Li te parèt sou sèn premye fwa nan lane 2009 pandan konkou tèks Molicaj te òganize.

Nan lane 2013, li te youn nan aktris ki te prezan nan anivèsè 350 lane komin Tigwav[8].

Li te jwe ak twoup “Production des Arts d’Haïti (PADH)[9] .

Distenksyon yo

[modifye | modifye kòd]
  • 2009: Loreya konpetisyon tèks “Etoile des lettres” MOLICAJ te òganize
  • 2014: Loreya egzamen pou antre nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik Inivèsite Leta Ayiti[1] .
  • 2015: Loreya konpetisyon tèks "Jeunes du Monde" te òganize.
  • 2020: Loreya Prim Lidèchip Fanm pou patisipasyon li nan lavi asosyativ nan kominote li a[10].

Referans yo

[modifye | modifye kòd]
  1. 1 2 Adelyne Bonhomme (9 jen 2020). « Daana Sthernith Eldime, une jeune Petit-goâvienne qui se distingue ». Mus'elles.org (in français). Archived from the original on 2024-09-13. Retrieved 07 mas 2023. Check date values in: |access-date= (help)
  2. « Le management responsable | Études | Université Laval ». www.ulaval.ca (in français). Retrieved 2023-12-07.
  3. « Mouvement Littéraire, Culturel et Artistique des Jeunes(MOLICAJ) ». The Youth Collective (in anglais). Retrieved 2023-12-07.
  4. Kerby Philibert (2 novanm 2022). « Le Mouvement littéraire culturel et artistique des jeunes (MOLICAJ) a procédé, le dimanche 23 juin 2019, à Petit-Goâve, à l’investiture de son nouveau comité de coordination. ». Palmes Magazine (in français). Archived from the original on 2023-03-07. Retrieved 07 mas 2023. Check date values in: |access-date= (help)
  5. Valéry Gérome (30 novanm 2019). « Petit-Goâve : 10 ans pour la Production des Arts d’Haïti (PADH) ». Sibelle Haiti (in français). Archived from the original on 2025-01-19.
  6. Kerby Philibert (2 novanm 2022). « Pour sa toute première édition en 2022, « Jedi Penti » s’est déroulé en deux jours, mercredi 30 et jeudi 31 mars. Cette quatrième édition voulait apporter l’art aux usagers de la plus grande place publique du pays, le Champs de Mars. ». Palmes magazine (in français). Archived from the original on 2023-03-07.
  7. Kerby Philibert (11 desanm 2022). « Pour marquer la Journée internationale des droits de l’homme, samedi 10 décembre 2022, la Fondation Steve Gustave a distribué des kits hygiéniques et alimentaires aux détenus du commissariat de Petit-Goâve. ». Palmes magazine (in français). Archived from the original on 2023-03-07. Retrieved 07 mas 2023. Check date values in: |access-date= (help)
  8. Metropole (2013-08-19). « Petit Goave a commémoré ses 350 ans d'existence ». METROPOLE (in français). Retrieved 2023-05-06.
  9. Guyto Mathieu (Correspondant Petit-Goâve) (02 desanm 2019 08:27:48). « Petit-Goâve : Le théâtre de rue met en scène la crise ». iciHaïti (in français). Retrieved 06 me 2023. Check date values in: |access-date=, |date= (help)
  10. Palmes magazine (2 novanm 2022). « Prix Palmes Magazine 2020: Les lauréat.e.s ». Palmes magazine (in français). Archived from the original on 2023-01-10. Retrieved 07 mas 2023. Check date values in: |access-date= (help)