Aller au contenu

Claudio Monteverdi

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Claudio Monteverdi (bote le 15 janvye 1567 nan Creme[1] e mouri 29 novanm 1643 nan Venice), se te yon konpozitè Italyen.

Zèv li yo, ki sitou vokal, chita sou kwazman ant Renasans lan ak barok la. Pandan lavi long li, li kreye pyès ki fè pati tou de stil ansyen ak nouvo a e li pote gwo chanjman nan stil epòk li a. Yo konsidere li kòm youn nan kreyatè opera a e, ak L'Orfeo, kòm otè premye mèvèy nan jan sa a. Li se tou dènye gran reprezantan lekòl Italyen madrigal la, kote li te konsakre nèf Liv, epi li se otè travay mizik relijye polifonik (mès, vespr, motè…).