Aller au contenu

Claude Goretta

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Claude Goretta
Claude Goretta en 1991.
Biyografi
Nesans
Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Genève (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Lanmò
Gade epi modifye done yo sou Wikidata (ak 89 ane)
Genève (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Tonm
Cimetière des Rois (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Nasyonalite
Fòmasyon
Université de Genève (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Reyalizatè, pwodiktè oswa pwodiktris televizyon, reyalizatè oswa reyalizatris televizyon, senaris, réalisateur ou réalisatriceGade epi modifye done yo sou Wikidata
Peryòd aktivite
Lòt enfòmasyon
Distenksyon
Prix du jury du Festival de Cannes (en) (L'Invitation (en)) ()
Prix Jean-Le-Duc (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj
Zèv prensipal
La Dentellière (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Imaj tonm nan.

Claude Goretta se yon sinematograf, pwodiktè televizyon, ak senaris swis. Li te fèt 23 jen 1929 nan vil Jenèv, kote li mouri 20 fevriye 2019.

Daprè direktè Sinematèk Swis la, Frédéric Maire, « li se youn nan pi gwo sinematograf nan sinema swis ak frankofòn[1] yo, e li se yon figi enpòtan nan nouvo mouvman sinema swis[2] la. Li te fè yon karyè ki sitou fèt nan espas frankofòn, ant Swis ak Lafrans »

Li te resevwa prim nan Festival Cannes pou fim L'Invitation (1973) ak La Dentellière (1977), ki te fè gran piblik la dekouvri aktris Isabelle Huppert.

Nan ane 2010, li te resevwa yon Kwatz Onè nan sinema swis la, epi an 2011 li resevwa yon onè Lepad nan Festival Entènasyonal fim Lokarno pou tout travay li reyalize pandan karyè li[3],[4] .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Orijin ak fòmasyon

[modifye | modifye kòd]

Claude Goretta fèt 23 jen 1929 nan vil Jenèv[5], nan yon fanmi kote papa li te imigran Italyen e manman li te te soti an Almay.

Apre li te fè etid nan domèn dwa nan Inivèsite Jenèv, li te fonde an 1952 Ciné-club universitaire de Genève ansanm ak Alain Tanner.

An 1955, Claude Goretta ale Lond pou li travay nan achiv British Film Institute. De zan apre, an 1957, li reyalize ansanm ak konpatriyòt li ki sòti Jenèv, Alain Tanner, yon kout-metraj ki rele Piccadilly la nuit (Nice Time) (Goretta & Tanner, 1957).

Depi 1958, li reyalize dokimantè ak repòtaj pou Télévision suisse romande[6] ak pou televizyon franse, tankou Continents sans visa (Goretta, 1958) ak Cinq colonnes à la Une (Goretta, 1958). Nan pòtrè li yo, Goretta montre yon apwòch pwofondman imen sou moun òdinè li renmen filme. Pòtrè li yo tankou yon anplwaye bank, yon manman fanmi anpil pitit, Gitan nan Saintes-Maries-de-la-Mer, travayè sezonye imigran ki sòti Espay, ak yon ouvriye Ris nan Leningrad montre yon gwo kapasite pou koute ak respè pou lòt moun[7].

Nan ane 1968, li santi bezwen pou li pase nan fiktiv. Li fonde nan Jenèv yon kay pwodiksyon ki rele Groupe 5 ansanm ak sinematograf Alain Tanner, Michel Soutter, Jean-Louis Roy, Yves Yersin, ak Jean-Jacques Lagrange[8]. Zèv angaje yo kontribye nan devlopman sinema Swis la ak nan ekspansyon li sou sèn entènasyonal[9].

Li imajine premye fiksyon li yo sou baz eksperyans li nan televizyon: Le Fou (Goretta, 1970) ak François Simon, La Dentellière (Goretta, 1977) ak Isabelle Huppert, ak La Provinciale (Goretta, 1981) ak Nathalie Baye se “pòtre mete nan fiktiv” (Goretta, 1977; Goretta, 1981).

Claude Goretta fè siksè nan direksyon aktè; li te dirije François Simon ak Jean-Luc Bideau nan L’invitation, Gérard Depardieu ak Marlène Jobert nan Pas si méchant que ça (nan ane 1975), Gian-Maria Volonté nan La Mort de Mario Ricci (nan ane 1983), ak Charles Vanel nan Si le soleil ne revenait pas (nan ane 1987).

Li se youn nan kèk sinematograf Swis ki pa fè yon distenksyon klè ant travay li nan sinema ak nan televizyon. Li reyalize tou telefim remakab tankou Jean-Luc persécuté (1966) dapre woman Charles Ferdinand Ramuz, Les Chemins de l’exil (1978), Dernières Années de Jean-Jacques Rousseau (1978) ak François Simon, yon remak Goupi Mains Rouges (1993) ak Maurice Barrier, Le Dernier Été (1997) ak Jacques Villeret, Thérèse et Léon (2000) ak Claude Rich, ak Sartre, l’âge des passions (2006) ak Denis Podalydès. Avèk aktè Bruno Cremer, li reyalize twa bon epizòd nan seri Commissaire Maigret (nan ane 1991, 1993, 1995).

An 1991, li fè dènye fim sinema li a, L’Ombre, ak Pierre Arditi ak Jacques Perrin, epi yon dènye dokimantè sinema Claude Richardet te pwodui ki te rele  Visages suisses. Dokimantè sa te pwodui pou selebre 700èm anivèsè Konfederasyon Swis la ak pòtre atis Jean Tinguely, gid montay Nicole Niquille, ak chantè Pascal Auberson. Apre sa, li kontinye karyè li sèlman nan televizyon, karyè li fini an 2006.

Lavi prive

[modifye | modifye kòd]

Claude Goretta se frè Jean-Pierre Goretta, ki te yon repòtè ak yon entèvyouwè nan Radyo ak Televizyon Swis (RTS).

Claude Goretta mouri nan dat ki te 20 fevriye 2019 nan vil Jenèv[10], epi yo antere l nan simityè Des Rois, ki nan menm vil la[11].

Filmografi

[modifye | modifye kòd]

Televizyon

[modifye | modifye kòd]

Distenksyon

[modifye | modifye kòd]

Nominasyon

[modifye | modifye kòd]

Prim ak Rekonpans

[modifye | modifye kòd]

1973 – Pri Jiri a nan Festival Cannes pou L'Invitation.

1977 – Pri Jiri Ekimenik la nan Festival Cannes pou La Dentelyè.

2010 – Koutwaz Onè Sinema Swis la (Quartz d'Onè).

2010 – Leopa Onè nan Festival Entènasyonal Fim Lokarno pou ansanbl travay li.

Nòt ak referans

[modifye | modifye kòd]
  1. ATS, «  [archive] », sur La Liberté, 21 février 2019 (consulté le 4 décembre 2020)
  2. Frédéric Maire, «  [archive] », sur Cinémathèque Suisse (consulté le 3 décembre 2020)
  3. ATS (19 mars 2012). « Festival de Locarno: le cinéma romand à l'honneur ». Radio Télévision Suisse. Retrieved 4 décembre 2020. Check date values in: |access-date=, |date= (help)
  4. « Retour sur la carrière du cinéaste Claude Goretta ». Radio Télévision suisse. 22 février 2019. Retrieved 4 décembre 2020. Check date values in: |access-date=, |date= (help)
  5. Les Gens du cinéma, «  [archive] », sur lesgensducinema.com (consulté le 24 avril 2025)
  6. Jaeggi, Dieter E. « La publicité étrangère sur le marché suisse par le moyen de la presse, de la radio et de la télévision ». University of Neuchatel.
  7. « Claude Goretta » (in français). 2025-05-07.
  8. Stefania Summermatter, «  [archive] », sur Swissinfo, 25 janvier 2015 (consulté le 4 décembre 2020)
  9. https://www.letemps.ch/culture/cineaste-genevois-claude-goretta-mort
  10. https://fr.wikipedia.org/wiki/Claude_Goretta#cite_note-:0-12
  11. http://www.lesgensducinema.com/affiche_acteur.php?mots=Claude+goretta&nom_acteur=GORETTA%20Claude&ident=17839&debut=0&record=7&from=ok
  12. « Vidéo: Vieux blancs », sur Play RTS (consulté le )
  13. « Vidéo: Pour vivre ici », sur Play RTS (consulté le )

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]