Aller au contenu

Camille Saint-Saëns

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Camille Saint-Saëns, ki fèt 9 oktòb 1835 nan Pari e ki mouri 16 desanm 1921 nan Aljè, se te yon pyanis, òganis ak konpozitè franse nan epòk romantik la.

Li te ekri douz operas, pami yo pi popilè a se Samson ak Dalila (1877), oratoryo, senk senfoni, senk konsè pou pyano, twa pou vyolon ak de pou vyolonchel, konpozisyon koral, yon Requiem, yon Oratorio de Nwèl, mizik chanm ak pyès pittoresque, pami yo Le Carnaval des animaux (1886).

Nan ane 1908, li te premye konpozitè renome ki te konpoze mizik espesyalman pou yon fim, L'Assassinat du duc de Guise[6].